Tumgik
koze-kreyol-blog · 5 years
Text
Gonayiv di non ak ensekirite a
Tumblr media
Ekri pa Frantz Renel Lebrun
Yote plizyè milye moun tout Kategori sou inisyativ responsab yo nan GONAIVES BUSNESS UNION,kite pran lari jounen mèkredi 15 me a nan yon mach pasifik pou di non a fenomèn ensekirite a ki deja anpil viktim nan site endepandans lan nan dènye moman sayo.
Soti kafou basen manyan kote yote demare ak mach la pou desann nan Sant vil la,pwotestatè yo te depoze yon jèb flè devan lokal pipo 6 otopats ak otèl kite gen kòm pwopriyetè PHILIPPE JEAN, nèg ak Zam te touye lendi 6 me pase a andan Biznis lan bò 4h konsa nan aprè midi.
Devan delegasyon latibonit, komisarya,la meri pou vin bout devan pakè a, Òganizatè yo te delivre anpil mesaj pou mande otorite yo bayo sekirite pou kab mennen aktivite yo nan vil la,kote nèg ak Zam pa sispann brake moun kap soti labank,antre lakay moun e menm andan Biznis pote ale lajan,touye komèsan anpil fwa gwo lajounen nan vil la.
Antreprenè mele ak lòt sektè Kite pran lari a, avèk anpil pankat epi Divès kalite eslogan pou egzije pougen
Patwouy lajounen tankou lanwit,pougen pwen fiks,fouye tout machin ak motosiklèt kap antre epi soti nan vil la,fouye tout machin vit tente ak machin ofisyèl se kèk pami revandikasyon yo.
Si nap peye taks leta dwe nou sekirite daprè mr DIEUJUSTE JÉRUMÉ,yonn nan moun kitap entèvni yo,el bay otorite yo 48èd tan pouyo reyaji sinon yo anonse yap oblije pase nan yon lòt vitès kise mande popilasyon an bay tèt yo sekirite nan Òganize brigad vijilans byen ke yo pa vle rive la,bay ajan PNH yo mwayen pou yo fè travay yo tankou veyikil,Zam ak minisyon plis lòt ekipman kipou mete polisye yo an konfyans pou yo kwape Zak bandi ame yo.
Yo mande pou otorite lajistis yo sispann libere bandi lapolis souvan arete ak anpil difikilte.
Pou lameri, yo kwè,meri a dwe travay ak tout otorite yo pou byen Kòdone aktivite yo,e yokwè lipa nòmal pou yo paka vake ak aktivite yo nan vil la tankou louvri San kè sote,al labank,menm anplwaye yo paka travay alèz akoz yo souvan sou presyon menm lè moun vin pran yon sèvis,lipa nòmal tou pou 2 antre prensipal vil la lib San ankenn prezans polisye daprè sayo fè konnen.
Nap raple mach pasifik sa Òganize aprè 3 jou Biznis yo te pase ak pòt yo fèmen,kote jounen mèkredi a ata mache yo pat prèske gen moun, anpil gwo tèt lavil la nan tout nivo te patisipe nan mach Sila,medsen,avoka,agwonòm, chofè kamyonèt, chofè taksi moto,etidyan elèv lekòl kote anpil lekòl te ranvwaye elèv yo akoz mach sila,.
Pou konnya tout moun ap ret tann repons otorite yo sou kesyon sa,an atandan Òganizatè yo anonse yap relouvri pòt yo demen Jedi 16 me a pwovizwaman si anyen pafèt yap oblije itilize lòt mwayen yo genyen yo daprè sayo fè konnen.
0 notes
koze-kreyol-blog · 5 years
Text
Tumblr media
Nèg ak Zam fèk sot tire mr pipo ensi konu kise pwopriyetè pipo 6 Autoparts ak otèl kinan gatwo.
Malgre pwòch liyo te kouri ak li lopital,sapat anpeche li pèdi lavil.
Yon Krim ki lage gwo konstènasyon lakay tout moun Kite konn sitwayen sa kise tifrè st Justin Pierrelus,kite majistra kominal nan site endepandans lan.
Mpap k montre nou imaj kadav la,kipa pwofesyonèl,menm ka montre nou foto vivanl.
Frantz Renel Lebrun, Gonaives.
0 notes
koze-kreyol-blog · 5 years
Text
Answouj,yon komin prèske abandone.
Tumblr media
Ekri pa Frantz Renel Lebrun
Komin answouj ki fè pati 7 komin kinan rejyon wo latibonit lan twouvel nan limit ant latibonit ansanm ak nòdwès peyi a,el fè pati awondisman Gwomòn.
Nan yon kout pye noute fè nan komin answouj pèmèt nou wè seyon komin ki prèske abandone pa otorite yo.
Dabò nan Sant sante ki rekonstwi pagen yon direktè depi prèske yon lane daprè Dr. Sénat Néhémie charlotin,kote seyon administratè sèlman kinan tèt Sant la,Saki lakoz Sant lan pa vrèman fonksyone kòm sadwa.
Pou Dr. Tchurchil Gédéon kise yon medsen rezidan Nan sant lan, lifè konnen pagen menm yon flach pou yo klere aswè,kote se ak limyè telefòn yap fè akouchman akoz yon jeneratris kite konn alimante sant lan ki tonbe anpa n sagen plizyè mwa.
Sevre gen yon komisarya ki rekonstwi Nan lane 2017,men kigen sèlman 3 polisye tou mal ekipe pou anviwon 60 mil abitan daprè dènye estatistik OIM te reyalize nan lane 2009(sous Marado clavanet),gen yon lise ki apèn konstwi kite kòmanse sou ansyen depite Jodson Leroy Rosemond,men kipako remèt a direksyon an alòske li yon bèl distans a sant vil la.
Pou tribinal la,seyon lokal kipa ditou nan bon eta,alòske sela jij de pè yo ap distribye lajistis.
Sevre seyon komin ki chaje ak richès natirèl tankou sèl yode ki pwodui ladann,men kipagen yon izi n Pou ta transfòme sèl la pouta fè sèl fen kita ka pèmèt komin lan antre kòb,gen anpil fwi lanmè men elas pechè yo kipa ekipe ni gen bato kika ale byen lwen Nan lanmè a lakoz se ti pwason piti yap peche ak lòt ankò,sevre yofè anpil elvaj kabrit ak mouton,men akoz pagen zèb abitan yo oblije vann anpil nan yo pouyo pa mouri e lage yon kantite saki pèmèt gen elvaj lib nan komin sila.
Yon komin Sou Jean Claude Duvalier te konn fè anpil manje men kitapral kraze aprè depa beby Doc akoz sistèm irige a kipat amenaje,kote se gwo sechrès kap vale teren Nan komin sila.
Answouj gen yon pwoblèm dlo,kote yon bokit dlo ap vann 5 goud,dwoum lan ant 50 a 75 goud,kipa menm yon dlo trete,saki lakoz abitan yo gen anpil gratèl,anpil Nan medam yo chaje ak enfeksyon daprè temwanyaj yo.
Answouj gen 2 seksyon, (plaine de l'arbre epi source chaude)kigen antou 84 lokalite,e se gras a komès epi pèch la plis moun kigen moun aletranje ki pèmèt abitan yo ap bouje,sinon lamizè teka menm fòse moun yo abandone komin sila.
0 notes
koze-kreyol-blog · 5 years
Text
Pakè kou dapèl Gonayiv rann rekizitwa li...
Tumblr media
Komisè gouvènnman kou dapèl Gonayiv la mèt Yves Martial remèt konklizyon li jounen Madi 9 avril la kote Kou dapèl la ekate ansyen DG PNH la GODSON ORÉLUS, Mme Sandra Thélusma,Jonas André paraison, Réginald Delva epi Ronald (Roro)Neson Kite pami moun Kite enkilpe nan dosye kagezon Zam senmak yo nan dat 8 septanm 2018 pase a,non Roro Nelson kite pami moun kite kenbe yo nan rekizitwa définitif la tapral soti aprè entèvansyon avokal yo nan odyans lan,nan moman replik yo.
Konklizyon komisè a yon lòt bò mande pou kenbe Jimy Joseph, junior Joël Joseph kise 2 frè kideja kondane pa otorite ameriken yo toujou nan kad dosye sa,epi Monplaisir Édouard, Charles Durand kòm otè epi ko otè nan zafè kontrebann,blanchiman lajan,trafik transnasyonal zam, asosyasyon malfektè elatriye.
Kidonk moun sayo ap gen Pou al juje nòmalman daprè saki soti Nan konklizyon chèf pakè kou dapèl Gonayiv la mèt Yves Martial,men tout fwa sepako desizyon jij yo nan Kou dapèl la ki kapab swa ale Nan sans konklizyon an swa pouswiv kek pami moun ki mete sou kote yo.
Sou bò pal prezidan kou dapèl la mèt Octélus Dorvilien anonse lakou a pral gen Pou rann arè li nan jou kap vini layo,el di pilwen lakou a pa lye a rekizitwa chèf pakè a kidonk se arè a kipral di si moun ki ekate yo ap gen Pou al jije oupa Nan kad dosye sila pou konnya yo bay lòd depoze pyès avan yal estatye Sou chak ka yo,byen ke Mme Sandra toujou fèmen nan prizon kòm yonn nan enkilpe yo se arè lakou a kipral konnen silap libere ak sil pral jije,menm Jan ak 5 lòt moun ki mete sou kote yo nan konklizyon komisè gouvènman Kou dapèl Gonayiv la mèt Yves Martial.
Pou konnya tout moun ap ret tann arè kou dapèl la Pou konnen finaman kisa yap gen Pou pran kòm desizyon san yopadi konbyen tan sa kapran.
0 notes
koze-kreyol-blog · 5 years
Text
Divòs nan pati AAA nan latibonit.
Tumblr media
Ekri pa :Frantz Renel Lebrun
Aprè plizyè mwa bri tap kouri sou yon evantyèl depa kèk eli AAA nan latibonit finalman nouvèl la tonbe samdi 30 Mas la gen 3 Depite AAA ki deside koupe fache ak pati a,e yo fòme pwòp estrikti politik yo kise ALYANS POU YON SOSYETE SAN ESKLIZYON(Alliance pour une société sans exclusion)kigen kòm sig A.S.E.
Estrikti sa kigen plis pase 200 manm aktyèlman,mete sou 73 kite prezan nan moman fondasyon an,gen nan tèt li 11 moun kifè pati komite egzekitif la tankou :
1- Depite ènri a CHOLZER CHANCY (Eli 3 fwa anba AAA) kòm kòdonatè nasyonal.
2- Ansyen depite senmichèl mamlad, PATRICK JOSEPH, Kòdonatè adjwen.
3- mèt YOUDELINE CHÉRIZARD JOSEPH,(avoka,kriminològ,anseyan elatriye) sekretè jeneral.
4- Mme VIRGITA LEXY CHARLES, sekretè ekzekitif pou zafè administratif yo.
5- pwofesè LESLY ALEXANDRE,(ansyen inite-espwa) sekretè jeneral pou zafè politik yo.
6- Mme ELISABETH JACQUES, sekretè jeneral pou zafè ekite Jan yo.
7- GUY GÉRARD GEORGES,(sekretè chanm bas la) sekretè jeneral pou relasyon piblik ak kominikasyon.
8- AGWONÒM JEAN CLAUDE DÉLICÉ,(ansyen DG ODVA Fanmi Lavalas) konseye.
9-JUNIOR HERVÉ,(ansyen kandida pou depite AAA VÈRÈT) konseye.
10- TERTIUS TARIS,(DP LIMONAD)konseye.
11-FRITZ CHÉRY (DP GWOMÒN 2 FWA) konseye.
Yon sous nouka fè konfyans fè nou konnen nan jou kap vini layo responsab yo pral gen pou fè lansman ofisyèl estrikti sa nan site endepandans lan.
Kòm remak plizyè pèsonalite swa kinan Biznis,avoka,anseyan,eli tankou ansyen eli,jij de pè, enspektè,ansyen otorite,etidyan fè pati nouvo estrikti politik sa kote anpil nan yo soti swa nan Fanmi Lavalas,inite,espwa, AAA, OPL, Bouclier poun site sayo sèlman ki retwouve yo nan mouvman politik sila.
Genyen egalman,WORMS PÉRILUS DP Pilat.
Alcide Audné DP plezans,Elourne Doréus(OPL)
Mèt EMMANUEL ASMIL(ansyen vis delege awondisman Gonayiv sou preval) kise kèk pami moun kinan estrikti sila.
Pou depite AAA yo kisanble ofisyèlman divòse ak pati a nou ka site, Cholzer Chancy (ènri eli 3 fwa), Fritz Chéry gwomòn (Eli 2 fwa) epi Dr Jacques Dulaurier(tènèv) ki sanble bay talon yo nan AAA.
Kesyon kap poze, kòm manda yo se pou pati yote Eli a,èske direktwa pati a ap jis aksepte yo ale san pagen ankenn lèt demisyon?
An ka pati a pata dakò yo demisyone kipral reyaksyon Eli sayo?
Èske finalman divòs la konsome ant direktwa pati a ansanm ak 3 Eli sayo pami yo depite CHANCY AK CHÉRY FRITZ?
Yon dosye nap swiv....
0 notes
koze-kreyol-blog · 6 years
Text
Senatè Cantave dil poko konsilte..
Tumblr media
Ekri pa: Frantz Renel Lebrun
Kèk jou aprè vòt depite yo te bay ansyen premye minis Jean Henry Céant lendi 18 mas pase a, prezidan asanble nasyonal la senatè CARL MURAT CANTAVE,dil pako resevwa ankenn apèl bò kote chèf Leta JOVENEL MOÏSE,nan kad konsiltasyon sou chwa yon nouvo premye minis andan peyi a.
Senatè CANTAVE kidi lap ret tann prezidan sou kesyon sa, demanti enfòmasyon kap sikile kòm kwa lap difisil poul ta chita ak prezidan akoz pati politik li ladann lan kise AAA ta nan opozisyon ak pouvwa,senatè Cantave kidi lise yon prezidan asanble nasyonal,lise yon prezidan Sena, kikwè seyon devwa konstititisyonèl kidonk sapagen anyen a wè a pati politik li ladann lan kinan opoze a chèf leta,di lap ret tann prezidan relel nan Kad konsiltasyon ki dwe fèt yo.
Pozel kesyon sou pwofil moun kita dwe vin okipe fonksyon sa, Dr Carl Murat Cantave kidil pap antre nan lojik sa, lèl konsidere peyi a ki konnen plis pase 20 premye minis kote a chak fwa se toujou mande yo Kite pòs yo fè konnen depi moun lan ap bon pou peyi a liprèt poul akseptel pou kapab pèmèt peyi a rale yon ouf soulajman.
Sou chita pale lite genyen ak senatè eta Floride la Marco Rubio Semèn pase a nan kapital la, Dr Cantave diyo te brase lide sou eleksyon, sekirite, elatriye,el dil te fè palmantè ameriken an konprann eleksyon yo pa vrèman posib pou ane 2019 la an AYITI akoz lwa elektoral la kipako disponib, ensekirite, sèten zòn kandida yopap ka al fè kanpay akoz Bandi ki kontwole yo ak gwo Zam lagè,San konte dyalòg la kipako abouti kita gen pèmèt gen estabilite andan peyi a.
Pousak gen a wè a depa Ansyen pm lan, Senatè latibonit lan fè konnen,likont fason revokasyon an fèt la akoz sa pral agrave piplis sitiyasyon popilasyon an sou plan sosyo ekonomik,sapral retade pwosesis dyalòg la,e ogmante grangou a piske PM ai a pap ka angaje gwo depans nan leta daprè deklasyonl.
Fòn di senatè Cantave fè deklarasyon sa nan momanl tap rankontre divès lidè mele ak kèk otorite nan sèten komin nan latibonit aprè midi dimanch 24 Mas la,poute planifye sou yon pwogram bous pou timoun lekòl nan 8 komin nan latibonit kise tènèv,answouj,sen Michel,mamlad, Lestè,lyankou,gran'sali n,ak ènri a travè fondasyon LOUISE GABRIEL,sakipral pèmèt paran yo soulaje gras ak pwogram sa,byen kel pat di Montan,ni kantite timoun kipral gen pou benefisye pwogram sila ese limenm ak Madanm li Mme Gardie Cantave ki ap dirije fondasyon sa nan depatman latibonit lan ki deside enplike nan fè sosyal daprè sal fè konnen.
0 notes
koze-kreyol-blog · 6 years
Text
10 Nouvo agwonòm antre nan administrasyon piblik la nan latibonit
Tumblr media
Ekri par :Frantz Renel Lebrun
10 Nouvo Kad nan agrikilti pami 2 fanm,te patisipe nan konkou OMRH te òganize kote 95 Jèn antou te ranpòte konkou sila ki kòmanse nan tout peyi a,enstale jounen Jedi 21 Mas la nan tèt BIWO AGRIKÒL KOMINAL YO(BAK) nan latibonit pandan yon seremoni kite fèt nan lokal koud la kinan mòn blan anprezans divès responsab nan leta pami yo direktè depatmantal agrikilti a nan latibonit agwonòm Renaud Géné, direktè jeneral O.D.V.A. agr.Jocelyn Jean,delege depatmantal la Herby Dalencour, direktè depatmantal TPTC a nan latibonit enjenyè Blondo Odivin plizyè vis delege pami yo vis delege awondisman Desalin lan Wadner Joseph,vis delege awondisman gwomòn lan Clarc Julien Tanis poun site sayo sèlman.
Men lis Nouvo Kad sayo ak kote yo pral gen pou travay kòm responsab BAK nan tout depatman latibonit lan.
1- Francy pierre BAK Gonayiv.
2- Cassandre saint Paul Audigé bak ènri (Ennery)
3- Joras Michel BAK SENMAK.
4- Ferdinand wilnor BAK tirivyè latibonit.
5- Frantz Gabriel BAK tènèv ak Answouj.
6- Jean Fleze Philémon bak Gwomòn.
7- jean Wilner Isidor sen Michèl latalay.
8- Micheline Elvariste Pérard BAK mamlad.
9- Oscar Salomon BAK Grand Saline,Desdunes,lestè.
10- Monflery prévilond BAK la chapèl vèrèt.(rekondwi)
11- Harry Louissaint BAK komin Desalin.
Nap raple responsab yo swete Nouvo kad sayo bon travay nan fonksyon yo,e konte akonpanye yo pou yo ka bay bon Jan rezilta nan tèt bak yo pral afekte a nan tout depatman latibonit lan.
0 notes
koze-kreyol-blog · 6 years
Text
Tumblr media
Ekri pa Frantz Renel Lebrun
Pwosè ki konsène dosye kagezon Zam yo Kite debake sou waf senmak nan lane 2016 pase a te devan jij yo nan kou dapèl vil Gonayiv nan Madi 19 Mas la aprè sispansyon kite pran semèn kisot pase a la.
Sete sèlman enkilpe madam Sandra Thélusma ki nan prizon egalman nan dosye sa kite prezante piske nou konnen ansyen DG PNH la GODSON ORÉLUS kite benefisye men leve kita dwe prezante a chak fwa gen odyans pat prezan akoz lite gen randevou kay medsenl daprè avoka li mèt Jean Eugène Pierre-Louis kite reprezante l Nan odyans sila.
Pou konnya pwosè a ranvwaye pou Madi 26 mas kap vini la,kote madam Sandra ap gen poul temwanye devan lakou pou di sal konnen Sou dosye sa piske se limenm kite chaje Pou al dedwane zam yo daprè prezidan kou dapèl la mèt Octélus Dorvilien,menm Jan ak komisè gouvènman nan pakè Gonayiv la mèt Yves Martial kifè konnen fòk se an prezans ansyen DG a Mme Thélusma pran lapawòl Saki ka pèmèt jij yo konprann pibyen degre enplikasyonl nan dosye a,janl te mande sa nan konklizyon an kidonk fòk lakou a tafin tande Madam Thélusma avan Pou jij yo ta aksepte bay ou pa bay men leve a Jan avokal yo ye mande sa.
Pousak konsène dosye Clifford Brandt lan, pwosè sa ki Nan yon faz ki trè zavanse Madi 19 Mas la kote ministè piblik kite reprezante pa mèt Adisson Diogène,mande prizon a pèpetuite pou akize yo nan Kad dosye kidnaping kite fèt Sou mesye Dam moscosso yo Nan kapital la Nan lane 2012 pase a men jij ki syeje a mèt Pierre Michel Denis pako pwononse vèdik li,e Pou konnya afè a ranvwaye Pou maten mèkredi 20 Mas la nan tribinal kriminèl la nan site endepandans lan.
Yon dosye nap swiv.
0 notes
koze-kreyol-blog · 6 years
Text
Yon fwa anko prosè Clifford Brandt lan sispann pou 8 jou, anmentan kou dapèl Gonayiv sispann prosè Godson Orelus la pou 15 jou.
Tumblr media Tumblr media
Ekri pa:Frantz Renel Lebrun
Pwosè òm dafè Clifford Brandt lan sispann yon fwa ankò pou Madi 19 mas kap vini la akoz avoka yonn nan akize yo,kise ansyen enspektè polis Edner Comé kipat prezante nan odyans lan daprè deklarasyon mèt Adisson Diogène Ki jwe wòl ministè piblik Nan pwosè sila.
Mèt Diogène Ki dil regrèt Sak pase a alòske yotapral antre nan deba jeneral yo jounen Madi 12 Mas la,kote avoka Fanmi moscosso yo te prezan menm si yopat pote yo pati sivil kidonk yopat mande lajan men yotap gen pou swiv dewoulman pwosè a,nap raple tout akize yo te prezante nan sal odyans lan pou pwosè sila,e nan esplikasyonl bay, Edner Comé fè konnen lite resevwa notifikasyon an efektivman wikenn pase a menl pat gentan jwenn posibilite enfòme avokal akoz pwoblèm kominikasyon kipat fasil poul tefè kontak ak avoka saki lakoz sa rive.
Pousak konsène dosye kagezon Zam sou waf senmak yonan lane 2016 pase a, Mme Sandra Thélusma,yonn nan enkilpe nan Kad pwosè sa te prezante devan jij Kou dapèl Gonayiv la Madi 12 Mas la men ki retounen Nan prizon senmak yon fwa ankò,kote lap gen poul retounen Sou 15 jou ankò kidonk 2 Avril,saki revòlte avoka madam lan mèt Steevens Rosemond ki dil pakonprann konpòtman jij yo ki refize akòde men leve a kliyanl lan menm Jan yote fè sa pou ansyen DG PNH la GODSON ORÉLUS,malgrel vini ak bon jan prèv ki montre kliyanl lan malad andan selil la Kotel fèmen depi Plizyè mwa.
Mèt Rosemond tout fwa d'il rete trè konfyan lakou a ap fini pa akòde men leve a kise yon dwa kliyanl lan genyen menm Jan sate fèt Pou Mr GODSON ORÉLUS,kite yonn Nan enkilpe e kite Nan menm prizon ak madam Sandra Thélusma Nan dosye sila.
0 notes
koze-kreyol-blog · 6 years
Text
Gonayiv van ensekirite a parèt tèt li kèk jou apre aktivitive kanavalèsk yo.
Tumblr media
Ekri pa:Vladimy Jean
Bandi ak Zam tire pastè Robert Dieudonné Kite konn chanje dola ameriken nan zòn télé Radio harmonie an ki touprè Meri Gonaives la byen bonè maten Vendredi 08 Mas la
Sete 3 nèg kite Sou Moto ki komèt Zak sa, e yopote ale lajan Kite nan men viktim lan.
Yon Krim kilage gwo konstènasyon Nan mitan lòt mesye kiap chanje lajan ameriken nan zòn lan.
Sa fè plizyè fwa nèg ak Zam kisou moto ap opere gwo lajounen nan vil la.
1 note · View note
koze-kreyol-blog · 6 years
Text
Tropikana ak tou septan di deklare yo pap patisipe nan aktivite kanaval ane sa.
Tumblr media
Dimanch 3 mas 2019.
Ekri pa FRANTZ RENEL LEBRUN
Nan sousi Pou montre yopa deside patisipe nan kanaval kap fèt ane sa nan vil kap ayisyen akoz sitiyasyon malouk peyi a ap fè fas ane sa, administrasyon okès septan ak twopikana kise 2 gwo okès andan peyi a, pa deside patisipe Nan defile kanaval ki prevwa òganize Nan vil Okap ane sa.
Desizyon sa pran daprè responsab 2 okès sayo,nan sousi pou mete yo bò kote popilasyon an kap fè fas ak pwoblèm grangou, lavichè, pwoblèm sante, elatriye, kote kèk dirijan sepan menm sijere Pou okès la ta bay 2 milyon goud yo resevwa a responsab lopital Justinien kap ayisyen pou pran swen malad yo.
Okès twopikana limenm deja ekri la Meri kap ayisyen poudi yo regrèt yopap ka nan defile kanaval la ane sa pou prèske menm rezon yo egalman.
Okès sayo estime kanaval la ta sanble plis politik ane sa kel ta yon moman defoulman,pousa yo konte rale kò yo nan kanaval Sila daprè nòt yo mete deyò.
0 notes
koze-kreyol-blog · 6 years
Text
Tumblr media
Samdi 2 mas 2019.
Ekri pa: Frantz Renel Lebrun.
Nan lide poul tevin planifye aktivite kiap fèt Nan lakou souvnans,yonn Nan lakou mistik kigen Nan vil gonayiv jounen samdi 2 mas la, Premye Dam repiblik la madam Martine Moise,te twouvel nan zòn lan Kotel tap gen poul tal vizite 2 lòt lakou yo kise soukri avèk Badio.
Briskeman,yon bagay eklate ant bann 2 motè ansanm ak doub motè kinan lokalite souvnans ki nan gwo konfli sagen plizyè lane, lakoz anpil wòch tap tire antre yo,sa kite lakoz gwo panik Nan moman,e Premye Dam lan kite deja Nan espas la pat pran tan poul te deplase Rapid akoz lipat santil an sekirite nan moman akoz 2 bann yo kitap twoke kòn yo nan moman.
Kontrèman a enfòmasyon kap sikile kita fè kwè se sou madan chèf leta yotap lanse kout wòch yo,nap raple dosye 2 bann sayo kinan konfli a nan men otorite jidisyè yo depi sou ansyen komisè gouvènman mèt Marie Paule clerjuste Valentin,pou rive sou aktyèl komisè a mèt Serard Gasius,men ta sanble pyès mezi pako pran pou kanpe konfli sa akoz doub motè kisoti nan 2 motè kipa deside antann yo,e yo chak ap menase lòt, daprè enfòmasyon yo,e a sesa ki lakoz aktivite Madan prezidan pa rive fèt Jan sa te prevwa.
1 note · View note
koze-kreyol-blog · 6 years
Text
Komisè Gouvèneman nan pakè Gonayiv la mèt Serrat Gasius demanti enfòmasyon kap sikile ki fè kwè Clifford Brandt benefisye gras prezidansyèl, Mèt la anonse odyans lan ap reprann madi 12 mas kap vini la a.
Tumblr media
*02-03-19*
Ekri pa: VLADIMY JEAN
Depi kèk jou gen yon fo enfòmasyon ki ap sikile Sou Rezo sosyal yo, kita fè konprann Clifford Harry Brandt ta benefisye gras prezidansyèl kòm kwa lipral libere nan kèk jou ankò, chèf pakè Gonayiv la mèt Serrat Gasius pote yon demanti fòmèl ak fo enfomasyon sila kidonk seyon fakenews.
Nan yon entèvyou li bay *radio Antenne continentale* komisè gouvèneman nan pakè Gonayiv la mèt Serrat Gasius, fè konnen Clifford Harry Brandt pa reponn ak kritè poul ta benefisye gras prezidansyèl jan enfomasyon an ap sikile a,
mèt la te tou profite site kèk nan kondisyon pou yon moun ranpli poul ta benefisye gras sa. Premyeman fòk se nan peryòd fen lane, fòk se yon moun ki fin jije epi kondane poul ta benefisye gras la, mèt la kontinye poul di pouka Brandt lan, li pako fin jije, epi pako gen ankenn santans ki pwononse deja.
Yon lot kote mèt Serard Gasius anonse odyans pwosè Clifford Brandt ak tout lòt akolit li yo, Edner Comé, Carlo Bendel Saint-Fort Rico Pierre-Val, ap reprann madi 12 mas kap vini la a nan tribinal kriminèl Gonayiv la, pandanl tou profite denonse tout moun kap itilize rezo sosyal yo pou kondwi mas pèp la nan erè.
Tumblr media
1 note · View note
koze-kreyol-blog · 6 years
Text
Kanaval nasyonal anile,yon gwo chòk Pou vil Gonayiv daprè majistra Neil Latortue.
Tumblr media
Vendredi 01 Mars 2019
Kanaval nasyonal anile,yon gwo chòk Pou vil Gonayiv......
Depi aprè ministè kilti ak kominikasyon fin anonse kanaval nasyonal la ofisyèlman anile nan site endepandans lan kite pwograme pou dat 3 pou rive 5 mas kap vini la, reyaksyon yo pat pran tan pou tonbe.
Sevre lite klè patgen anyen kòm preparasyon kite fèt poute resevwa kanaval la akoz twoub politik kite genyen andan peyi a,kote tout peyi a te lòk pandan plis pase yon semèn.
Plizyè atis soti Nan silans yo Pou montre seyon gwo kou yopran kanaval la ki anile a, dabò CHARLÉUS WILLIAM (SOYETO)fè konnen kanaval pal koutel anviwon 35 mil goud Pou anrejistre mereng lan nan estidyo san konte mil dola ameriken pou videyoklipel plis twoup de dans ak deplasman pou imaj yo.
JEFF ALEXANDRE (PACHOU FRAJIL MIZIK)fè konnen ant anrejistreman mereng lan ak videyo koute yo anviwon 2 mil 500 dola ameriken.
Alòske SUZE BIEN-AIMÉ (MARSHELLE MANMAN GAME LAN)deklare li depanse anviwon 5 mil dola ameriken non sèlman pou anrejistre mereng lan,men pou fè konpayi antre soti aletranje pou videyo a montre aklè seyon gwo chòk pou yomenm atis yo nan Gonayiv kite swete antre yon tikòb Nan okazyon an malerezman anile,el kwè souplan enfrastriktirèl ak ekonomik e menm souplan sosyal seyon kou fatal Pou vil la kanaval la kipafèt la lèl sonje nan lane 2014,Sou ansyen prezidan Martelly,anpil ri kite kontui sete gras a kanaval nasyonal kite fèt Nan site a,e pat gen menm yon moun kite mouri ni pyès vit machin pat kraze.
Atis sayo kikwè a chak fwa peyi a gen pwoblèm politik yomenm kòm atis yo viktim,akoz yopa ka pèfòme,lanse yon mesaj bay aktè politik yo pou travay pou gen estabilite andan peyi a Pou o mwen yokapab an mezi viv a travè zèv yo.
Majistra Neil Latortue kitap pale aprè midi jedi 28 fevriye a nan jounal KALFOU VERITE Sou Radio Antenne Continentale ki prezante pa Frantz Renel Lebrun,di efektivman seyon gwo kou Pou vil la akoz pakèt moun kite gentan fè gwo depans tankou moun kiprete kòb labank Pou repare anplis ogmante chanm otèl yo,ba-restoran, elatriye.
Neil Latortue,tout fwa pwomèt meri a ap fè tout sal kapab pou òganize yon aktivite nan okazyon an kote yap itilize menm pakou kanaval endepandans lan kisoti Sou waf la,Monte Sou gran ri louvèti(louverture)pase devan komisarya Pou desann devan meri,pase Nan ri fab jefra(Fabre Géffrard pou al bout sou waf la ankò.
Li konte genyen o mwen 4 cha sou pakou a,menm s'il pat an mezi di konbyen gwoup mizikal,ak bann a pye yo konte genyen nan pakou espesyal sila, ansuit konstwi yon estang devan meri a,menm s'il konsyan pap gen pakèt estang kap gentan konstwi Nan moman,ni nonplis yopap jennen ankenn ti machann akoz sitiyasyon malouk peyi a ap travèse jounen jodi a.
Neil Latortue,kidil konte sou lapolis pou asire sekirite popilasyon an nan okazyon an,dil konte toi sou sipò ministè kilti ak kominikasyon Kite anonse yap akonpanye Meri yo kiap gen Pou kreye animasyon Nan moman sa pouta fèsa rapid,sakidwe pèmèt yo akonpanye bann a pye epi gwoup mizikal yo soti 3 Pou rive 5 mas kap vini la.
Frantz Renel Lebrun korespondan Radio Ibo(98.5) kinan pòtoprens epi Radio Antenne Continentale (99.5) Gonayiv
1 note · View note