cbndf
cbndf
CBNDF
183 posts
CBNDF = CENTRE BIBLIQUE NOTRE-DAME DE FATIMA, BOIS-NEUF,ST-MARC, HAITI. CENTRE DE PELERINAGE ET DE PRIERES FONDE PAR LE PERE JULES CAMPION. 
Don't wanna be here? Send us removal request.
cbndf · 1 day ago
Text
LEKOL LABIB CBNDF :
ANSYEN, ANTIKRIS, APOT
ANSYEN. GRANMOUN GASON.
Ekspresyon sa yo fè referans ak gason ki granmoun, men, nan labib, yo sèvi avèk yo sitou pou yo pale de gason ki nan yon pozisyon ki fè yo gen otorite e ki gen responsablite nan yon kominote oswa nan yon nasyon. Nan liv Apokalips nan, yo itilize mo ANSYEN an pou yo pale de kreyati ki nan syèl la. Mo grèk « presbitewòs » la, lè yo tradui l ki bay ansyen an, fè referans ak moun ki pran latèt nan komunote a. — Ekzod 4:29; Pwoveb 31:23; 1Timote 5:17; Apokalips 4:4.
ANTIKRIS.
Mo grèk sa a gen de sans. Li fè referans ak sa ki KONT Kris. Li fè referans tou ak yon FO Kris, sa vle di yon moun ki mete tet li nan plas Kris. Kèlkeswa moun, òganizasyon oswa gwoup ki pretann yo reprezante Kris la oswa ki di yo se Mesi a, oswa ki opoze ak Kris ansanm ak disip li yo, yo ka rele yo antikris san pwoblèm.
APOT.
Premye sans mo sa a nan lang orijinal la se “moun yo voye”. Yo sèvi avè l pou yo pale de Jezi ak kèk moun yo te voye pou sèvi lòt moun. Yo plis sèvi avè l pou yo pale de disip Jezi te chwazi pèsonèlman yo e ki te nan gwoup 12 reprezantan li te chwazi yo. — Mak 3:14; Travay Apot yo 14:14.
Tumblr media Tumblr media Tumblr media
0 notes
cbndf · 2 days ago
Text
LEKOL LABIB CBNDF :
LADIM, EWOD, ALBAT
Dizyèm (LADIM).
Ladim se yon dizyèm, oswa 10 pousan, nan sa Izrayelit yo te konn peye kòm enpo, espesyalman nan domèn relijye (Malaki 3:10; Detewonom 26:12; Matye 23:23). Nan epòk Lwa Moyiz la, chak ane, moun yo te konn bay Levit yo yon dizyèm nan sa yo te rekòlte ak yon dizyèm nan kantite mouton ak lòt bèt yo te vin genyen pou yo ede yo nan travay yo. Levit yo yo menm tou te bay mesye ki te prèt yo, ki soti nan fanmi Arawon, yon dizyèm nan dizyèm yo te resevwa yo pou ede yo fè travay yo. Mete sou sa, moun yo te konn bay dizyèm nan lòt bagay.
Ewòd.
Se non yon fanmi Women yo te chwazi pou dirije Juif yo. Yo te konnen Ewòd Legran kòm moun ki te rebati tanp Jerizalèm nan e kòm moun ki te bay lòd pou yo masakre yon pakèt timoun pou l te ka touye Jezi (Matye 2:16; Luk 1:5). Yo te nome Ewòd AKELAYIS ak Ewòd ANTIPAS, 2 pitit Ewòd Legran, pou yo dirije kèk pati nan tèritwa papa yo t ap dirije a (Matye 2:22). Menmsi pifò moun te rele Antipas “wa”, li te yon chèf distri ki t ap gouvène pandan twazan edmi Kris te fè ap preche a rive jis nan epòk apot yo. Travay Apot yo chapit 12 pale de li. (Mak 6:14-17; Luk 3:1, 19, 20; 13:31, 32; 23:6-15; Travay Apot yo 4:27; 13:1). Annapre, Ewòd AGRIPA Ier, pitit pitit Ewòd LEGRAN, te fè yon ti tan tou kout ap dirije, paske gen yon zanj Bondye ki te touye l (Travay Apot yo 12:1-6, 18-23). Ewòd Agripa II, pitit Ewòd Agripa Ier, te vin ap dirije epi li kontinye dirije jis nan epòk Juif yo te leve kont Wòm nan. — Travay Apot yo 23:35; 25:13, 22-27; 26:1, 2, 19-32.
ALBAT.
Albat se non yon seri ti boutèy pafen ki te fèt ak yon kalite wòch yo te jwenn toupre Alabastron nan peyi Ejip. An jeneral, kou boutèy sa yo te fen e yo te konn met yon bouchon ladan yo pou yo pa pèdi menm yon ti gout nan pafen sa a ki gen anpil valè. Yo te vin rele wòch yo te konn fè boutèy sa yo albat tou. — Mak 14:3.
Tumblr media Tumblr media Tumblr media Tumblr media Tumblr media
0 notes
cbndf · 3 days ago
Text
LEKOL LABIB CBNDF :
ALFA AK OMEGA, AMEN, DEKAPOL
ALFA ak OMEGA.
Se non premye ak dènye lèt nan alfabè grèk la. Yo sèvi ak ekspresyon sa a twa fwa nan liv Apokalips an kòm yon Tit pou pale de Bondye. Nan kontèks sa yo, ekspresyon sa a vle di menm bagay ak “premye a ak dènye a” oswa “kòmansman an ak finisman an”. — Apokalips 1:8; 21:6; 22:13.
Amèn.
“Se konsa pou sa ye”, oswa “se sèten”. Mo sa a soti nan mo ebre AMANN, ki vle di: “Ki fidèl, ki merite pou yo fè l konfyans.” Yo konn di “amèn” pou montre yo dakò ak yon sèman, yon priyè oswa ak yon pawòl. Nan liv Apokalips nan, yo sèvi avè l kòm yon Tit pou Jezu. — Detewonom 27:26; 1 Kwonik 16:36; Apokalips 3:14.
Dekapòl.
Se yon gwoup vil grèk okòmansman ki te gen dis vil antou (mo sa a soti nan mo grèk deka ki vle di: “dis”, ak mo grèk polis ki vle di: “vil”). Mete sou sa, se te non zòn ki te sou bò lès Lanmè Galile ak Rivyè Jouden kote pifò nan vil sa yo te ye. Nan zòn sa a, kilti grèk la te gen gwo enfliyans e moun yo te konn fè komès. Jezi te pase nan zòn sa a, men pa gen okenn bagay ki ekri ki montre li te vizite menm youn nan vil sa yo (Matye 4:25; Mak 5:20).
Tumblr media Tumblr media Tumblr media
0 notes
cbndf · 6 days ago
Text
LEKOL LABIB CBNDF :
FLONN, FISTIBAL, ZENON, EKIPMAN KONBA
FLONN ,FISTIBAL.
Se yon ti kòd ki fèt an kui oswa yon ti kòd yo trese ki fèt ak kèk materyèl tankou tandon bèt, jon, oswa cheve. Yo met sa y ap tire a, ki byen souvan se yon wòch, nan pati ki nan mitan an, ki laj anpil. Moun k ap itilize flonn nan mare youn nan pwent li yo nan men l oswa nan ponyèt li toutpandan l kenbe lòt pwent lan ak men l, epi l tire wòch la apre l fin vire flonn nan anlè tèt li. Nasyon nan tan lontan yo te gen sòlda ki te konn sèvi ak flonn nan lame yo. David te fese Golyat ate avek yon woch nan fistibal. — 1Samyel 17:50.
FILOZOF KAP SWIV ZENON YO
Filozòf k ap suiv ansèyman Zenon yo.
Se yon gwoup filozòf grèk ki te kwè kè kontan vle di viv ann amoni ak larezon ak lanati. Pou yo menm, moun ki saj toutbon an pa t santi ni chagren, ni lajwa. — Travay Apot yo 17:18
EKIPMAN KONBA
Se te ekipman sòlda yo te konn met sou yo pou pwoteje tèt yo. E ladan l te gen kas, jile ki gen yon seri ti plak an metal, sentiwon, bagay pou sòlda yo met nan pye yo ak boukliye. — 1Samyel 31:9; Efezyen 6:13-17.
Tumblr media Tumblr media Tumblr media Tumblr media Tumblr media Tumblr media
0 notes
cbndf · 8 days ago
Text
LEKOL LABIB CBNDF :
LANSAN BLAN, FOUNEZ, LAKOU, LANMOU KI FIDEL
LANSAN BLAN.
Se yon gonm yo seche ki soti nan kèk pyebwa ki nan kategori plant yo rele Boswellia a. Lè yo boule l, li bay yon bon sant. Se te youn nan engredyan yo te itilize pou fè lansan sakre yo te konn itilize nan tabènak la ak nan tanp lan. Mete sou sa, yo te konn mete l ansanm ak ofrann manje angren yo e sou chak pil pen yo te konn ofri Bondye yo, ki te anndan Kote ki pi sen an. — Egzod 30:34-36; Levitik 2:1; 24:7; Matye 2:11
LANMOU KI FIDEL.
Pifò fwa, se mo ebre kesèd la yo tradui konsa, e se angajman, entegrite, fidelite ak gwo atachman ki fè yon moun montre lanmou sa a. Byen souvan, yo sèvi ak ekspresyon sa a pou pale de lanmou Bondye gen pou lèzòm, men, yo itilize l tou pou pale de lanmou moun gen pou moun. — Egzod 34:6; Rit 3:10.
LAKOU
Lakou se espas ki te toutotou tabènak la, ki te gen yon kloti ki bare l e annapre se te youn nan lakou ki te toutotou bilding prensipal tanp lan ki te gen yon mi ki bare l. Lotèl pou ofri sakrifis y ap boule yo te nan lakou tabènak la e li te nan lakou ki pi anndan nan tanp lan. Anplis de sa, Bib la pale de lakou lè y ap pale de kay ak palè. — Egzod 8:13; 27:9; 1Wa 7:12; Este 4:11; Matye 26:3.
FOUNEZ
Se yon fou yo te konn itilize pou yo fonn metal. Yo te konn itilize l tou pou kuit tout kalite bagay ki fèt ann ajil. Nan epòk yo pale de yo nan Bib la, yo te konn fè founèz yo ak brik oswa ak wòch. Yo rele founèz yo kuit tout kalite veso ann ajil yo ak founèz yo te fè lacho yo fou tou. Yo te met 3 Jen jan jwif ki te rezuze adore zidol nan yon founez dife. Men Bondye te pwoteje yo. — Danyel 3:17; Apokalips 9:2.
Tumblr media Tumblr media Tumblr media Tumblr media Tumblr media Tumblr media
0 notes
cbndf · 10 days ago
Text
LEKOL LABIB CBNDF :
FEN SISTEM NAN, EKRITI YO, FAVE SAN PAREY
FEN SISTEM NAN.
Se peryòd ki mennen nan dènye jou sistèm Satan ap domine a. Se menm peryòd ak prezans Kris la. Anba direksyon Jezi, zanj yo pral “retire mechan yo nan mitan moun ki jis yo” e yo pral detwi yo (Matye 13:40-42, 49). Disip Jezi yo te anvi konnen ki lè “fen” sistèm nan t ap rive (Matye 24:3). Anvan Jezi te retounen nan syèl la, li te pwomèt disip li yo li t ap avèk yo jis nan fen sistèm nan. — Matye 28:20
FAVE SAN PAREY.
Se yon ekspresyon grèk ki vle di toudabò sa ki agreyab e ki bèl. Byen souvan, yo sèvi ak ekspresyon sa a pou yo fè referans ak yon bèl kado oswa bèl fason yon moun bay yon bagay. Lè l fè referans ak favè san parèy Bondye a, ekspresyon an dekri yon kado Bondye pran plezi bay gratis, san l pa atann anyen anretou. Donk, se fason Bondye montre jan l renmen bay e se fason li demontre anpil lanmou ak bonte li gen pou lèzòm. Lè y ap tradui mo grèk la tou, yo konn met kèk ekspresyon tankou “favè” ak ‘don ki fèt ak tout kè’. Se bay yo bay li, se pa merite moun yo bay li a merite l, men, se tou senpleman paske moun k ap bay li a renmen bay. — 2 Korentyen 6:1; Efezyen 1:7.
EKRITI YO.
Se tout sa ki ekri nan Pawòl Bondye a. Ekspresyon sa a parèt sèlman nan Liv ki te ekri an grèk yo. — Luk 24:27; 2Timote 3:16.
Tumblr media Tumblr media Tumblr media Tumblr media
0 notes
cbndf · 11 days ago
Text
LEKOL LABIB CBNDF :
JAKOB, IMORALITE SEKSYEL, FOT
Jakòb.
Jakob se yon pitit gason Izarak ak Rebeka. Annapre, Bondye te ba l non Izrayèl e li te vin zansèt moun Izrayèl yo (yo te rele yo Izrayelit tou, e pi devan, yo te vin rele yo Juif). Li te fè 12 pitit gason, e pitit sa yo ansanm ak desandan yo te vin tounen 12 tribi nasyon Izrayèl la. Yo te kontinye sèvi ak non Jakòb pou yo pale de nasyon oswa pèp Izrayèl la. — Jenez 32:28; Matye
Imoralite seksyèl.
Li soti nan mo grèk pòneya e li se yon mo yo itilize pou tout konduit seksyèl ki pa pwòp. Li gen ladan l adiltè, pwostitisyon, relasyon seksyèl ant de moun ki pa marye, gason k ap kouche ak gason, fi k ap kouche ak fi, moun k ap fè sèks ak bèt. Yo itilize ekspresyon sa a yon fason senbolik nan liv Apokalips nan pou yo pale de yon pwostitye nan domèn relijyon ki rele “Gwo Babilòn” pou yo fè konnen jan l gen relasyon ak dirijan nan monn sa a pou l ka gen pouvwa ak richès (Apokalips 14:8; 17:2; 18:3; Matye 5:32; Travay Apot yo 29;
FE SA KI MAL. FOT.
Pase sou yon lwa yo bay. Se lè yon moun vyole yon lwa. Yo gen menm sans ak “peche” nan Bib la. — Samyel 51:3; Women 5:15.
Tumblr media Tumblr media Tumblr media
0 notes
cbndf · 13 days ago
Text
LEKOL LABIB CBNDF :
NETINIM, MOUN NAZARET, IZRAYEL
NETINIM.
Se yon seri moun ki pa t Izrayelit ki t ap travay nan tanp lan. Yon fason literal, ekspresyon ebre a vle di: “Moun yo bay yo.” Sa ki montre yo te bay moun sa yo pou yo travay nan tanp lan. Sanble pifò Netinim yo se te desandan moun Gabawon yo, yon seri moun Jozye te met “ranmase bwa e li [te] mete yo bwote dlo pou pèp la ak lotèl Bondye a”. — Jozye 9:23, 27; 1Kwonik 9:2, Esdras 8:17
MOUN NAZARET.
Se yon non yo te bay Jezi paske l te soti nan vil Nazarèt. Li posib pou non sa a gen rapò ak mo ebre yo mete “boujon” pou li a nan Izayi 11:1. Pi devan, yo te vin itilize non sa a pou yo pale de disip Jezi yo. — Matye 2:23; Travay Apot yo 5.
Izrayèl.
Se non Bondye te bay Jakòb. Yo te vin sèvi ak non sa a pou pale de tout desandan Jakòb yo antanke gwoup, nan kèlkeswa epòk la. Souvan, yo te konn rele desandan 12 pitit gason Jakòb yo pitit Izrayèl yo, nasyon Izrayèl la, pèp Izrayèl la oswa Izrayelit yo. Anplis de sa, yo te rele 10 tribi ki te nan wayòm nò a e ki te separe ak wayòm sid la Izrayèl tou, e annapre, yo te vin rele kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo “Izrayèl Bondye a”. — Galat 6:16; Jenez 32:28; 2 Samyel 7:23; Women 9:6.
Tumblr media Tumblr media Tumblr media
0 notes
cbndf · 14 days ago
Text
LEKOL LABIB CBNDF :
MAJISTRA, MADANM SOU KOTE, LAPENN
MAJISTRA.
Anba dominasyon Babilòn, majistra yo se te yon seri fonksyonè piblik ki te nan diferan tèritwa Babilòn yo, ki te konn lalwa byen e ki te gen dwa pou yo aji antanke jij, byenke dwa sa a te limite. Nan tèritwa ki te anba pouvwa Women yo, majistra yo se te fonksyonè ki t ap travay nan gouvènman an. Pami travay yo te gen pou yo fè, yo te dwe fè gen lòd, kontwole ekonomi tèritwa yo, jije moun ki vyole lalwa yo, epi bay lòd pou yo pini moun. — Danyel 2; Travay Apot yo 16:20.
MADANM SOU KOTE
Lòt madanm yon gason te genyen, souvan se te yon sèvant. — Egzod 21:8; 2 Samyel 5:13; 1Wa 11:3.
LAPENN
Se santiman tristès moun genyen akoz moun pa yo ki mouri, oswa akoz lòt malè ki rive. Nan tan biblik yo, moun yo te konn nan lapenn pou moun pa yo ki mouri pandan yon tan. Yo pa t konn kriye byen fò sèlman, men yo te konn met rad espesyal sou yo, yo te konn met sann sou tèt yo, yo te konn dechire rad yo e yo te konn bat lestomak yo. Pafwa, yo te konn peye moun pou vin rele nan antèman an. — Jenez 23:2; Este 4:3; Apokalips 21:4
Tumblr media Tumblr media Tumblr media
0 notes
cbndf · 16 days ago
Text
Tumblr media Tumblr media Tumblr media Tumblr media Tumblr media Tumblr media Tumblr media Tumblr media Tumblr media
0 notes
cbndf · 18 days ago
Text
Tumblr media Tumblr media Tumblr media
0 notes
cbndf · 19 days ago
Text
LEKOLLABIB CBNDF :
MILKOM, MEWODAK, MECHAN
Milkòm.
Se yon zidol desandan Amon yo te konn adore, e petèt se li yo te rele Molèk la tou (1Wa 11:5, 7). Prèske nan fen rèy wa Salomon, Salomon te konstwi kote ki wo pou yo adore fo dye sa a. —
MEWODAK.
Se zidol prensipal vil Babilòn. Apre wa Babilòn nan ak Amourabi, yon moun ki konn fè lwa, te fin fè vil Babilòn tounen kapital tout tèritwa Babilòn nan, zidol ki rele Mewodak (oswa Madouk) la te vin yon zidol ki gen plis enpòtans, li te pran plas lòt zidol ki te la anvan l yo e li te vin tounen zidol prensipal la. Annapre, yo te vin ranplase non Mewodak la (oswa Madouk) ak tit “Belou” (Mèt) e souvan, lè y ap pale de Mewodak, yo te konn di Bèl. — Jeremi 50:2.
MECHAN.
Se yon tit yo itilize pou pale de Dyab la, Satan, ki opoze ak Bondye e ki kont prensip Bondye yo ki jis. — Matye 6:13; 1Jan 5:19.
Tumblr media Tumblr media Tumblr media
1 note · View note
cbndf · 20 days ago
Text
LEKOL LABIB CBNDF :
MIRAK, KRIS, ETYOPI
MIRAK.
Se yon aksyon oswa fenomèn ki depase tout pouvwa moun ka genyen, e ki fèt grasa yon fòs ki pa soti nan lòm. Pafwa, nan Bib la, yo itilize ekspresyon tankou “siy” oubyen “mèvèy” pou yo di menm bagay la. — Egzod 4:21; Travay Apot yo 22; Ebre 2:4.
KRIS.
Se yon tit Jezi genyen ki soti nan mo grèk Kristòs ki koresponn ak mo ebre yo mete “Mesi” oubyen “Moun Bondye chwazi a” lè y ap tradui l. — Matye 1:16; Jan 1:41.
ETYOPI.
Se yon ansyen nasyon ki nan sid peyi Ejip. Li te gen ladan l pifò pati ki nan sid peyi Ejip ki la kounye a ak mwatye peyi Soudan ki la kounye a, mwatye ki nan nò a. Pafwa, yo sèvi ak mo sa a pou mo ebre “Kouch” la. — Esdras 1:1.
Tumblr media Tumblr media Tumblr media
0 notes
cbndf · 21 days ago
Text
LEKOL LABIB CBNDF :
MOUN LIB, VIZYONE, MEDI
MOUN LIB. MOUN KI LIB.
Pandan dominasyon women an, yon “moun lib” se te yon moun ki te fèt tou lib e l te gen tout dwa yon sitwayen women te genyen. Alòske, yon “moun ki vin lib” se te yon moun ki pa t esklav ankò. Yon moun ki te vin lib yon fason legal te vin sitwayen women, men l pa t ka gen okenn pòs nan gouvènman an. Yon moun ki te vin lib yon fason ki pa legal pa t esklav ankò men l pa t gen menm dwa ak sitwayen yo. — 1Korentyen 7:22.
MOUN KI KON FE VIZYON.
Se moun Bondye bay pèmisyon pou l rive konprann volonte Bondye, yon moun ki ka wè oswa ki ka konprann yon seri bagay pifò moun pa ka wè oswa konprann. Mo ebre a soti nan yon mo ki vle di: “wè”, kit se nan sans literal, kit se nan sans senbolik. Lòt moun te konn al kot moun ki konn fè vizyon pou yo jwenn konsèy ki saj sou kèk pwoblèm yo rankontre. — 1Samyel 9:9.
MEDI
Moun peyi Medi yo se desandan Madayi yo, pitit gason Jafèt, e yo te vin abite nan mòn ki nan peyi Iran yo, zòn ki te vin rele peyi Medi. Moun peyi Medi yo te met ansanm ak moun Babilòn yo pou yo te pot laviktwa sou peyi Asiri. Nan moman sa a, peyi Pès te yon pwovens ki te anba kontwòl peyi Medi. Men, Siris te vin revòlte e peyi Medi te vin fè yon sèl ak peyi Pès, se konsa yo te vin tounen Anpi Medi ak Pès ki te pot laviktwa sou Babilòn nan ane 539 anv. e. n. Te gen moun peyi Medi ki te nan Jerizalèm pandan Pannkòt ane 33 e. n.
Tumblr media Tumblr media Tumblr media
0 notes
cbndf · 22 days ago
Text
LEKOL LABIB CBNDF :
MON LIBAN YO, SANTINEL, DAGON
MON LIBAN YO.
Se youn nan de ranje mòn ki fòme chèn montay ki nan peyi Liban an. mòn Liban yo nan lwès, e mòn Antiliban yo nan lès. Gen yon vale ki long e ki bay anpil manje ki separe de ranje mòn sa yo. Ranje Mòn Liban yo monte soti depi zòn ki bò lanmè Meditèrane a, e yo rive jiska 1 800 ak 2 100 m (6 000 ak 7 000 pye) wotè. Nan tan lontan, peyi Liban te chaje ak gwo pyebwa sèd, yon pyebwa nasyon ozalantou peyi Liban yo te bay anpil valè (Detewonom 1:7; Samyel 29:6; 92:12).
Gad k ap veye; Moun k ap veye (SANTINEL).
Se yon moun k ap siveye pou l wè si pa gen okenn danje ki menase yon gwoup moun oswa byen moun yo posede. An jeneral, se pandan lannuit li fè travay sa a, e li kapab chèche avèti moun yo si li wè yon danje. Byen souvan, moun k ap veye yo konn rete sou tèt mi vil yo oswa nan fò yo pou yo ka wè moun k ap vini yo anvan yo gentan rive toupre. Nan zafè militè, an jeneral, yo rele moun k ap veye yo gad oswa santinèl. Nan yon sans senbolik, pwofèt yo te sèvi kòm moun k ap veye pou nasyon Izrayèl la lè yo te avèti yo konsènan destriksyon ki t apral rive sou yo. — 2Wa 9:17; Ezekyel 3:17.
DAGON.
Se yon zidol peyi Filisti. Yo pa fin sèten ki rasin mo sa a, men gen kèk biblis ki panse li gen rapò ak mo ebre dag la (pwason). Le Filisten yo te kapture Bwat Kontra nan men Izrayel pandan yon batay epi yo mete l devan estatu Dagon, Bwat Kontra Granmet la jete estatu lwa Dagon ate. Li kase l an plizye moso ! — Jij 16:23; 1Samyel 5:4.
Tumblr media Tumblr media Tumblr media
0 notes
cbndf · 23 days ago
Text
LEKOL LABIB CBNDF :
SATRAP, SEN, SAKRE, SATAN
SATRAP
Satrap se dirijan oswa gouvènè yon pwovens nan Anpi Babilòn ak nan Anpi Pès. Se wa a ki te konn nome yon satrap kòm dirijan. — Esdras 8:36; Danyel 6:1.
SEN, SAKRE
Se yon kalite Bondye genyen, yon bagay ki pwòp nèt nan domèn moral e ki apa pou Bondye (Egzod 28:36; 1 Samyel 2:2; Pwoveb 9:10; Izayi 6:3). Lè y ap pale de moun (Egzod 19:6; 2 Wa 4:9), bèt (Nonb 18:17), bagay (Egzod 28:38; 30:25; Levitik 27:14), kote (Egzod 3:5; Izayi 27:13), epòk (Egzod 16:23; Levitik 25:12) ak aktivite moun mennen (Egzod 36:4), mo ebre orijinal la gen sans yon bagay ki apa pou sèvis Bondye, ki pou Bondye sèlman oswa yon bagay yo fè vin sen pou Bondye ki se yon Bondye ki sen. Menm jan an tou, nan Liv ki te ekri an grèk yo, mo lè yo tradui l yo met “sen” pou li a gen sans yon bagay yo met apa pou Bondye. Yo sèvi ak mo sa a tou pou yo pale de yon moun ki gen yon konduit ki pwòp. — Mak 6:20; 2 Korentyen 1; 1Pye 1:15, 16
SATAN.
Satan se yon mo ebre ki vle di: “Opozan”. Nan lang orijinal yo, lè yo met yon atik defini devan l, se de Satan Ledyab, prensipal Advèsè Bondye a, y ap pale. — Job 1:6; Matye 4:1 Apokalips 12:9.
Tumblr media Tumblr media
0 notes
cbndf · 24 days ago
Text
LEKOL LABIB CBNDF :
PWOVEB, JUS, DWAT, JOU JUJMAN
PWOVEB.
Se yon pawòl sajès oswa yon istwa tou kout ki gen yon leson oswa yon gwo verite ladan l. Yon pwovèb biblik kapab yon pawòl ki difisil pou moun konprann oswa yon devinèt. Verite ki nan yon pwovèb kapab nan yon langaj ki vivan, e byen souvan se yon metafò. Gen kèk pwov��b ki vin tounen pawòl moun abitye di pou pase moun nan jwèt oswa pou rabese kèk moun. — Eklezyas 12:9; 2 Pye 2:22.
JOU JUJMAN.
Se yon jou espesyal oubyen yon epòk espesyal kote yon seri gwoup moun, nasyon, oswa lèzòm an jeneral gen pou yo rann Bondye kont. Se kapab yon lè kote moun yo jije ki merite lanmò yo ap resevwa santans yo, oubyen se kapab yon lè kote grasa jijman Bondye, kèk moun pral gen posiblite pou yo sove e pou yo jwenn lavi ki pap janm fini an. Jezi Kris ak apot li yo te pale sou yon “Jou Jijman” ki gen pou vini nonsèlman pou moun ki vivan yo, men tou, pou yon seri moun ki mouri nan tan lontan. — Matye 12:36.
JIS. DWAT.
Nan labib, mo sa yo vle di dwat selon prensip Bondye bay konsènan sa ki byen ak sa ki mal. — Jenez 15:6; Detewonom 6:25; Pwoveb 4; Sf 2:3; Matye 6:33.
Tumblr media Tumblr media Tumblr media Tumblr media Tumblr media Tumblr media
0 notes