Tumgik
#belle_et_en_santé
etiennelouisjuste · 2 years
Photo
Tumblr media
10 PRENSIP OU DWE SWIV POU W PEDI PWA Pataje enfòmasyan an pou kèk moun ki vle pèdi pwa #Belle_et_en_santé ⏩Pèdi pwa pa yon bagay ki fasil, nou konnen sa! Fason nou viv, mank tan, mank motivasyon ak bouch gou, tout se obstak nou dwe simonte pou w atenn objektif ou! ⏺Men 10 prensip ou ja swiv si w vle pèdi pwa 1- FIKSE OBJEKTIF OU! Rete reyalis, pa di wap pèdi 10kilo nan yon semèn ! Pa egzanp ou ka di wap pedi 1 kilo nan yon semèn, konsa wap ankouraje fè plis efò ! 2- BOUJE! Ou dwe fè egzesis fizik Omwen 30 minit chak jou, ou pa oblije al nan sal spò! Ou ka sote kòd, monte eskalye, monte bekan, danse, oubyen jwe ak timoun! 3- MANJE BON MANJE, MANJE EKILIBRE! Mete anpil fwi, pwoteyin, legim nan abitid alimantè w! Aliman sa yo pa gen anpil kalori. 4- REDWI KANTITE MANJE W! Si w te konn manje 4 gwo kiyè, pran 3. Respekte lè manje w yo, konsa wap ka kontwole lè w grangou, e konnen nan konbyen tan w pral manje! 5- BWÈ ANPIL DLO Dlo a ap ede w kontwole e diminye grangou w, men lap idrate w tou ! E Pemet sistèm ou toujou anfòm ! 6- TOUJOU PRAN DEJENE W! Se premye manje jounen an, e se youn nan pi enpotan yo! Lap ba w enèji pou w byen demare jounen w! 7- DIMINYE KANTITE ALKOL OU KONSOME ! E wi, se pa San rezon moun ki bwè alkol souvan gen gwo kò! Byè ak bwason alkolize gen anpil kalori. Diminye konsomasyon alkol ou si w vle pèdi pwa! 8- APRANN REKONÈT KÈK ALIMAN KI PA BON POU REJIM OU ! Aliman Ki gen anpil sik, anpil grès! Tankou gato, Fritay, bwason gazez, Sonje fwi ak legim se pi bon zanmi w. 9- PA MANJE TA, PA MANJE LOU! Manje ta son gwo malè pandje sou sante w! Li ogmante to insilin ak kolestewòl ou, sa ki ka ogmante pwa w detanzantan ! Li rekomande pou w pa manje aprè 6è di swa, si w ta oblije manje, Fo w tann 4èdantan avan w domi! 10- CHECHE YON KONPAY! Jwenn kek moun nan antouraj ou ki vle pèdi pwa, fè plan ansanm, tcheke youn sou lòt ! Pou youn ankouraje lot! ⏩NB- Sonje pèdi pwa pa yon pwosesis rapid, wap bezwen tan, pèseverans ak anpil disiplin! Ruth Vanessa SUFFREN #etiennelouisjuste #Belle_et_en_santé https://www.instagram.com/p/Ckvee1Lrpww/?igshid=NGJjMDIxMWI=
0 notes