#anbasadèlinyon
Explore tagged Tumblr posts
drtaika · 3 years ago
Photo
Tumblr media
🔴Kisa w t ap fè siw te prezidan Ayiti, oswa yon konseye pou moun ki ap dirije peyi a nan moman? Poukisa nou menm ki renmen Ayiti chita sèlman ap fè kòmantè sou sa ki pa renmen peyi yo, pase pou nou mete tèt ansanm pou travay nan favè peyi nou menmjan yo mete tèt ansanm pou detwi peyi a? Li lè pou nou pa kite yo distrè nou nan sa y ap fè ki mal yo, men konsantre sou byen nou ka fè yo. Paske nou plis pase sa yo ki pa renmen peyi a. An avan, vini nan @evexiakreyol pou nou fè yon feso non! #evexiakreyòl #ayiti #haiti #haitian #ayisyen #haitienne #haitien #ansanmnoufò #toutparetpourhaiti #anbasadèlinyon #anbasadèdevlopman https://www.instagram.com/p/Cgw9KgdLHZm/?igshid=NGJjMDIxMWI=
0 notes
drtaika · 3 years ago
Photo
Tumblr media
Nou pa ka pèdi peyi nou, men se nou ki pou kenbe li🇭🇹 #evexiakreyòl #ayiti #ayisyen #haiti #haitien #haitienne #ansanmnoufò #anbasadèlinyon #anbasadèdevlopman https://www.instagram.com/p/CfvJlXesz2c/?igshid=NGJjMDIxMWI=
0 notes
drtaika · 3 years ago
Photo
Tumblr media
🔴Sa se kri tout Ayisyen konsekan! 📢Genyen yon demen pou Ayiti, nou menm bon pitit Ayiti yo ap prepare li jodi a. Menmsi nou pa anpil, nou pa ka lage. Paske pa gen lòt ki vle byen pou nou pase nou menm, se nou ki pou kreye byenèt nou, se nou ki pou fè fyète n ap chèche a, paske se nou ki Ayiti. Kounye a se lè pou nou fè peyi fyè, nou pa ka kite peyi nou disparèt. Linyon pa yon opsyon, men yon obligasyon si tout bon nou vle peyi nou toujou di nou ta renmen an. 👉Kite yon mesaj si ou vle rantre nan mouvman linyon an. #evexiakreyòl #ayiti #haiti #haitian #haitienne #haitien #ayisyen #lunionfaitlaforce #ansanmnoufò #anbasadèlinyon #anbasadèdevlopman https://www.instagram.com/p/CfSevojsx5k/?igshid=NGJjMDIxMWI=
0 notes
drtaika · 3 years ago
Photo
Tumblr media
🔴Ekri non Atis ak enfliyasè ou kwè nan yo pou sa, epi n ap fè fason kontakte li pou voye pwojè a pou yo. 📍pataje pou li rive jwenn vrè konpatriyòt yo, paske nou pa ka kite moun nou yo san pwofesyon ak oryantasyon. Li lè pou nou fè Ayiti fyè kòm pitit. Lekòl sa menm pitit vwazen an ap vini ladan li paske l ap konnen yo pap genyen li menmsi nou konnen yo gen anpil lakay yo. Nou gendwa kòmanse ak youn men se nan tout depatman yo ki ap gen anèks. Ansanm nou fò, li pral lekòl Ayiti, sa vle di se pa yon moun oswa yon fanmi ki ap fèl, men se anpil Ayisyen k ap mete ansanm pou nou fèl. N ap ka bay lòt lekòl ki deja la yo opòtinite pou yo itilize laboratwa oswa aparèy nou pou elèv pa yo ka fè pratik tou, paske se yon sèl manman nou genyen ki se Ayiti. Youn ede lòt paske gen plas pou nou tout! #evexiakreyòl #ansanmnoufò #anbasadèlinyon #anbasadèdevlopman #ayiti #haiti #haitienne #haitien #haitian https://www.instagram.com/p/CemJjNHOcsh/?igshid=NGJjMDIxMWI=
0 notes
drtaika · 3 years ago
Photo
Tumblr media
Yon ti rapèl pou moun ki pa trete pitit moun byen, swa se pa yo sèlman ki bon, oswa yo rive genyen pitit moun nan men yo akoz peyi nou pa gen yon sistèm menmjan ak lòt ki devlope yo ki pou pran chaj timoun paran ki pa responsab yo ak paran ki pa gen mwayen pou ta pran swen timoun nan. Menmsi ou pa ta gen pitit, men ou gen yon pitit lòt moun nan men ou, konnen lè w ap maltrete li, sa ap tounen nan kò ou. Paske w ap jis rete konsa wap wè ou pa gen lajwa, ou ka tonbe fè sa ki mal ou pat janm reve fè yon jou, paske pitit malere oswa òfelen ka yon benediksyon konsa tou li ka yon madichon tou. Nou reve epi n ap travay pou yon peyi ki genyen bon sistèm pou pran chaj timoun yo, yon peyi kote si yon moun bezwen sèvis lakay li, l ap ka jwenn bon jan konpayi ki ka fè sa, epi si moun k ap bay sèvis la ta fè yon move bagay, pou lajistis ekipe ase pou moun ki resevwa sèvis yo ka pwoteje tou. Paske nou konnen lèzòm mechan anpil. Sa vle di nou wè se yon chenn sistèm ki pou etabli epi travay ansanm pou nou ka rive jwenn pwoteksyon timoun ki defavorize yo. Repanti si wap maltrete pitit moun, paske se moun yo ye, yo pap bliye sa w ap fè a epi se yon manman ki te soufri fè yo menmjan avèk pa w la ki te fè ou. #evexiakreyòl #ayisyen #ayiti #haitien #haitienne #haiti #lunionfaitlaforce #liberteegalitefraternite #anbasadèlinyon #anbasadèdevlopman https://www.instagram.com/p/CeEnlJtuR50/?igshid=NGJjMDIxMWI=
0 notes
drtaika · 3 years ago
Photo
Tumblr media
🔴pataje mesaj sa pou twò ta pa bare nou🔴 Ayisyen frèm sèm ki ap viv Ayiti, pran responsabilite vant nou mezanmi nan plante sa nou kapab pou nou pa achte yo. Li te mèt se nan tibokit plante epis yo, tomate epi si nou gen ti tè menm plante viv yo tou. Si nou vle peyi nou chanje nou dwe kòmanse la tou. Paske ti bout tè sa nou genyen an li beni anpil, nou pa kite sa l ap fè nou kado epi n ap depanse pou yo. #evexiakreyòl #haiti #ayiti #haitian #ayisyen #haitienne #haitien #ansanmnoufò #anbasadèlinyon #anbasadèdevlopman https://www.instagram.com/p/Cc-hNvCsNaC/?igshid=NGJjMDIxMWI=
0 notes
drtaika · 3 years ago
Photo
Tumblr media
🇭🇹🇭🇹🇭🇹Ayisyen nou plis pase relijyon, san nou pa tap gen relijyon epi li nòmal pou nou chak diferan. Nivo tolerans nan mitan diferans nou dekouvri kilti linyon nou kòm pèp. Nou youn ka prezante lòt pati pa nou, pandan n ap pwouve nou san se pa sou baz chwa lòt la ki ka debouche sou diskriminasyon oswa prejije. ⚠️ Mezanmi li bon anpil lè nou renmen li. Sèl bagay se pa paske se pa nou ki di yon pawòl li verite pou sa. Se pa paske se blan oswa nwa entèlektyèl ki di oswa ekri yon bagay li vre. Li t ap bon pou nou pa pran tout sa ki ekri kòm vérité ABSOLI. Paske nou gen avantaj pou nou chwazi tou kòm moun gras a sistèm demokratik ki genyen nan peyi nou. Menmsi demokrasi a pa respekte nan tout aspè, an nou pa finn kraze l nèt , pou respè dwa moun pa vinn pi mal. Kounye a lè youn ap choute sou chwa lòt, kòman n ap fè ini kè nou pou rezoud bagay nou gen an komen ki se peyi nou ansanm? Tandike bagay nou fè sijè diskisyon pou desann youn lòt la, se zafè espirityèl li ye. Li t ap bon si nou mete tout fòs nou ansanm epi fokis sou bagay fizik yo. Tout moun sipoze rete ak dwa yo pou chwazi mèt nanm yo ak koneksyon pou lespri yo. L ap bon anpil si nou ta fokis sou fason pou fòme plis patriyòt, pou Ayisyen aprann renmen peyi nou, pou nwa yo aprann renmen epi aksepte tèt yo, pou konnen potansyèl nou pa enferyè jan lòt yo vle fè kwè a, nou ka devlope peyi nou pou kont nou si nou vle, Ayisyen ka vle vwayaje men se pa pou chèche lavi miyò. L ap bon anpil lè nou regle sa nou gen an komen ansanm epi respekte limit nou nan zafè espirityèl. Youn pa pi bon pase lòt, se yon kesyon de chwa li ye. Men lè peyi nou bon, li bon pou nou tout. Lapè sou Ayiti epi nan mitan tout Konpatriyòt yo! Èske se rezon n ap chèche pou nou pa mete men pou devlope peyi a kifè n ap chèche mete bagay ki pou anpeche nou mete kè nou ansanm pou nou pran responsabilite nou kòm sitwayen? #evexiakreyòl #haitian #haitien #ayisyen #haitienne #haiti #ayiti #ansanmnoufò #lunionfaitlaforce #anbasadèlinyon #anbasadèdevlopman #toutparetpourhaiti #toutpouayiti https://www.instagram.com/p/Cb0UvXDrORP/?utm_medium=tumblr
0 notes
drtaika · 3 years ago
Photo
Tumblr media
🇭🇹 Tout sa ou nouri nan lespri ou ap fè enpak nan reyalite ou 🇭🇹 🔴Vinn di kijan ou wè peyi ou nan kòmantè epi kenbe li nan lespri ou, konsa menm ou menm ka dekouvri fason pou fè li reyalize oswa w ap pami tout Konpatriyòt ki vle mete men pou li reyalize kan lè pou sa ki nan lespri ou rive pou li manifeste nan reyalite ou. #evexiakreyòl #haiti #haitian #ayisyen #haitien #haitienne #ayiti #lunionfaitlaforce #ansanmnoufò #anbasadèlinyon #anbasadèdevlopman #toutpouayiti #toutparetpourhaiti #atisayisyen https://www.instagram.com/p/Cak1tBwuyBn/?utm_medium=tumblr
0 notes
drtaika · 4 years ago
Photo
Tumblr media
🚨Ouvri je nou Konpatriyòt 🚨 Gen anpil manipilasyon ki ap fèt sou zafè kilti, pou anpeche nou rive experimante potansyèl nou epi chanje sa ki ap fè nou mal. Nan mantalite nou gen anpil ki dwe chanje pou nou ka devlope kòm pèp, se sak fè menm lè ta vinn genyen politisyen ki patriyòt, sa pa sifi paske travay mantalite a dwe fèt men se ansanm pou nou fèl nan @evexiakreyol 👉Ekri nan kòmantè kisa ou ta renmen ki dwe chanje nan kilti nou. Depi nan pwovèb nou yo rive sou pratik nan sosyete nou an pou byenèt peyi nou. #evexiakreyòl #haiti #ayiti #haitian #ayisyen #haitienne #haitien #lunionfaitlaforce #ansanmnoufò #anbasadèlinyon #anbasadèdevlopman https://www.instagram.com/p/CXcfc9_sSCe/?utm_medium=tumblr
0 notes
drtaika · 4 years ago
Photo
Tumblr media
😭😭😭 Mezanmi kote bon Ayisyen yo? 🆘An nou ankouraje epi rantre nan tout mouvman ki pou chanjman peyi nou, menmjan n ap fèl pou fè atis nou yo fè views sou rezo sosyal yo. 🚨Majorite nan nou trete Ayiti tankou yon manman malerèz nou pa vle zanmi rekonèt,atout li fòse ban nou lavi malgre papa nou pat vle nou. Elas nou pa wè enpòtans sakrifis sa li te fè pou jodi a pitit nou pa ta dwe genyen moun ki rejte li. Men nou pito fè tankou nou pa konsène sou fason pwoteje ak defann li, konsa menm zanmi yo nou pa vle ki rekonèt manman nou an, t ap felisite nou pou jan li t ap bèl epi sa t ap yon fyète paske istwa nou t ap revele kijan nou fò ak entèlijan. @evexiakreyol ap tann nou tout pou fè mouvman linyon ak devlopman peyi nou yon reyalite. Dayè, menmsi nou chanje nasyonalite oswa nou pa fèt Ayiti, peyi nou ap mache ak nou tout kote depi se pou idantifye nou. Paske lòt nasyonalite ou genyen an ap d’origine haïtienne! #evexiakreyòl #lunionfaitlaforce #ansanmnoufò #anbasadèlinyon #anbasadèdevlopman #haiti #ayiti #haitienne #haitien #ayisyen #haitian #atisayisyen #haitianfood #haitianmusic #byenètayiti https://www.instagram.com/p/CXHy-U-MQ-U/?utm_medium=tumblr
0 notes
drtaika · 4 years ago
Photo
Tumblr media
📍Tag non zanmi, atis oswa moun ki gen anpil moun sou Facebook ou ta renmen ki ede Ayiti nan mouvman linyon ak devlopman, pou wè si l ap dakò. ⚠️Vini reponn kesyon sa yo bon Ayisyen ⚠️ 🚨Poukisa nou plis tann se lè yon Konpatriyòt nou viktim pou nou fè foto ak videyo li viral tèlman n ap pataje li sou entènèt la, tandike lè menm moun sa ta pibliye yon mesaj ki ta ka evite li oswa ou menm ak fanmi ou viktim, nou pa mete avèl pou prevansyon❓ 🚨Poukisa apèl linyon @evexiakreyol ap fè pou reyalize pwojè pou devlopman dirab la pa atire atis nou yo ak moun ki gen anpil k ap swiv yo❓ 🚨Poukisa moun k ap defann enterè pèsonèl yo toujou gen plis moun k ap swiv yo pase moun ki vle defann enterè komen an❓ 🆘An nou rele sou kò nou pou nou chanje mantalite sa pandan n ap bay atis nou yo lanmou, nou dwe jere tèt pa nou pandan n ap kore mouvman ki ap travay pou lavi miyò nan peyi nou. Lè sa n ap vwayaje pou lwazi, oswa n ap vinn fè retrèt nan peyi nou. 👉Kote patriyòt yo, an nou pataje epi rantre nan mouvman linyon ak devlopman dirab pou peyi nou @evexiakreyol . #evexiakreyòl #ayiti #byenètayiti #haiti #haitian #ayisyen #haitienne #haitien #atisayisyen #lunionfaitlaforce #ansanmnoufò #anbasadèlinyon #anbasadèdevlopman #bonayisyen #toutparetpourhaiti https://www.instagram.com/p/CW_BttOLwgb/?utm_medium=tumblr
0 notes