Tumgik
#granmesi
etiennelouisjuste · 2 years
Photo
Tumblr media
Kèk bagay yon Fi pa dwe fè lè nou renmen ak yon gason 1- Pa janm nan al dòmi leve kay yon nèg ki jus renmen avè w. Eske'l marye avè'w? Men aprann bay tèt ou valè ma chérie. Sa se foli pote non madanm ou genyen, foli dòmi ak nèg, tann lè w. 2- Sispann plede achte kado pote bay manman'l, mwen pa di'w pa ka fel yon ti kado. Men ou tounen tonton nwèl nan bay kado telman ou anvi gen nèg la Ou tounen esthéticienne pa fòs nan penyen sè'l kouzine li, wap fè zong yo, tout sa pou yo ka aksepte w nan fanmi an. Yap griyen dan sou ou paske yo we'w se yon dezespere. Aprann bay tèt ou vale demoiselle... 3- Sispann pote bag fiyansay yon nèg ki pa menm konnen kote paran 'w rete. Ou pa wè se tan'w wap pèdi sista? 4- Sispann poste'l tout jounen sou facebook, Whatsapp pandan li pap fè l pou ou paske'l pa konsidere'w vre kòm fanm li. Wap bloke yon nèg serye ki te ka byen anvi avè'w pou granmesi... 5 - Pa meprize ni joure nèg kap ekri'w oubyen koze avè'w sou pretèks kew angaje deja. Oh je suis prise poutan nèg la ap fè w monte le ciel pa do... 6- Sispann tounen servante nan lave, pase, fè manje pou li, epi lakay li ankò wi souple. Banm pozew yon ti kesyon: Poukisa li pral marye avè'w la? Bon ou deja jwe wòl madanm nan... Mwen pa di si li nan nesesite nou paka fè yo pou li non, men eseye jere sa yon fason 7- Pa janm dezobeyi paran'w poutèt yon neg ki renmen'w. Paske anpil fwa se menm nèg sa ki pral fè w pran pi gwo desepsyon nan men fanmi w ak zanmi w... 8- Pa janm prese ouvri janm ou bay yon nèg jus paske'l di'w lap marye avè'w, se yon moun tankou w li tap chèche, kote'w te ye depi tann dat sa Soyez vigilantes les filles..Mwen pa di nou pa antre nan relasyon ak nèg ki nan vi nou an non, men fòk ou sètifye ke moun sa se pa yon sèlman kèk moman li vle pase avè'w... 9- Pa janm aksepte mennaj filme'w pandan ou avè'l ap fè lanmou oubyen fè bagay. Se ak sa anko li gen pou'l sèvi kom presyon lè w ta anvi kite'l. Kenbe prestij ou ti chérie, pa sal imaj ou.Menm ke'm konnen ak ti pawòl sa nèg k'ap li post lan pral vle lapide'm, men se bon prensip m'ap bay #etiennelouisjuste https://www.instagram.com/p/Ck_IGKyLJ87/?igshid=NGJjMDIxMWI=
0 notes
port-salut · 4 years
Text
POUKISA GENYEN BRIGANDAY APRE YO FIN RANPLASE WILSON DENA LAN KATEL INTERIME LAMERI POSALI?
Nap mande tet nou eske moun Posali konn sa yo vle tout bon. Yo te fé manifestasyon pou retire Wilson Dena lan katel enterime apre li te fin pase yon manda 4 lane lan administrasyon kominal la. Otorite gouvennman santral la te tande doleyans yo manifestan ki té opoze ak rekondiksyon ansyen majistra a. Se Darelus Joseph ki ranplase ansyen majistra kom prezidan ak 2 ansyen manm katel Wilson Dena ki rete lan nouvo katel enterime a.
Tout moun panse batay pou pos la ta sipoze fini pou moun santrevil genyen lape yo. Ebyen nou remake manifestasyon pi red ak gratifi kI kontinye sal bote ak imaj santrevil Posali e nou vreman ranvese ak briganday sa yo.
Se vre Darelus Joseph te vis delegue sou rejim Joseph Michel Martelly e nou rekonet pat genyen anyen serye ki té regle pou kolektivite a lan peryod sa. Nou pat kwe genyen anpil moun ki panse genyen yon bagay ki pral chanje ak nouvo katel ki genyen 2 ansyen manm katel Wilson Dena ladan li.
Yon nouvo katel pou Posali dwe genyen moun konpetan e ki genyen lideship pou fé avanse yon seri dosye ki té koumanse sou administrasyon Wilson Dena. Yon komin tankou Posali li dwe genyen yon otorite solid pou defann entere li. San konpetans ak lideship lap difisil pou komin lan reyalize kek pwoje serye pou popilasyon an.
Nou toujou di e ekri si pa genyen solidarite lan mitan moun Posali pa genyen anyen serye kap regle. Jounen jodia 2e seksyon Anse-a-Drick genyen 2 manm lan nouvo katel intérime a : Staco Gregoire e Darelus Joseph. Si pa genyen anyen ki amelyore pou kominote yo n ap rive konprann popilasyon Posali pakab espere yon bagay lanmen otorite lokal yo san apwi finansye lan Ministe enterye ak kolektivite teritoryal ki lan pouvwa santral la. Pou nou menm se mete tet ansanm pou ankouraje devlopman lan kominote nou se sa ki veritab solisyon devlopman laka. Se pa resous ki pa genyen e se konpetans ki manke. Toutotan nou pa sispann dechire lot, detwi lot, fe manifestasyon kont lot, fe makak pou granmesi se pa sa kap pote yon solisyon dirab pou Pòsali an.
Nou te espere se te yon moun santrevil yo tap mete lan nouvo konsey la, se byen regretab sitwayen santrevil yo pa reprezante lan nouvo katel enterime a. Nou swete komin Posali toujou bel e nou toujou pre pou n kolabore e travay ak tout otorite ki we entere Posali ak tout kominote anvironnan yo.
Jean-Marie Mondésir
Sitwayen angaje Dumont
Radio.port-salut.net
Radio-dumont.com
1 note · View note
brezo1 · 7 years
Video
Mw gen rezon pou'm fou & pou di'm Seyè a yon #GRAN_MÈSI Si'm vivan toujou se pa yon aza ni se pa pou #GRANMESI. Mw fyè paske map sèvi yon #GRAN_MESSI(Jezi). #DestinasyonmSeSyèl👆 #JésusRévientSoon👉 #SoyezVigilants #ForGod #Mr_VibeDivin #RapGospel_StandUp👆 (à Port-au-Prince, Haiti)
0 notes
doljacobsblog-blog · 4 years
Photo
Tumblr media
Papa ti jan ekri Jovenel *Pòtoprens Ayiti jodi-a lèt toulouvri pou prezidan jovenèl Moyiz* Prezidan Jovenèl, mw ezite anpil avan mw ekriw lèt si la,mw pa bezwen mandew kouman ou ye,mw kounen wap byen pase,avek tè a,solèy la,lanmè a,moun yo ak dlo a. Mw pat vle ekriw paske mw kounen karanklou ki bòkotew yo,patap kitew jwen lèt la,anplis mw pat vle gen problem ak fanmim ki dim pa foure bouch mw nan zafè politik an ayiti paske Ayiti se tè klise. Map tou annonsew avan ke mw pat vote pou ou,paske mw pat kwè ou te ka dirije peyi sa,akoz eritaj moun kite pase avanw yo,ak move eritaj moun kitap sipòtew yo,mw pap pale twòp paske lakay mw,tout moun sete yon sèl bagay nèg bannan nan,sitou pitit gasonm. Pitit Gasonm nan rele Tijan,lite tèlman renmenw,li te fè mannan l achte yon ti bòt jòn ak yon ti chemiz wòz ak yon pantalon abako ble poul te ka sanvle avèw. Siw ap sonje prezidan, Tijan sete premye konsitwayen kite ekriw yon tilèt pou te pale avèw,malgre mw te anpechel ekri lèt la,li te ekril kanmenm,li te voyel ba ou e mw te tande lèt la te pibliye nan tout peyi a,konsa mw ta renmen respons papal la pibliye nan tout peyi a. Prezidan Jovenèl Map fèw kounen,ou brize kè pitit gasonm nan,Tijan,paske Tijan di li pa vle al lekol ankò,poutèt kisa li pa vle al lekol ankò, ou di se 3% moun kap travay nan leta ki gen diplòm e ki kalifye,li di li pa bezwen onèt ankò,paske ou di peyi a gen 5 problèm,kise koripsyon,sak pirèd la li pa janm tande oken mezi ou pran pou chanje sa,menm si ou ta redwi li a 3 ou byen 2. Li te vle agronòm paske li tande ou te rele nèg bannann nan,kounya li wè se propagand pou granmesi ou tap fè,pou te ka rive opouvwa. Li sezi plis toujou lè l tande gen yon la jan ki gaspiye nan peyi a ke fanmil ap gen pou peye,menm li menm pòv ti lèzanj ap gen pou peye la jan sa yo rele *petrokaribe* a,e li remake ou pa gen oken volonte pou tradwi moun ki te gagote lajan sa douvan lajistis,pou yo repon kesyon lajistis pou yo remèt lajan. Li te gen anvi vin yon gro enjenyè,lè li te dande moun kite pase avanw yo te konstwi 25 estad,lèl gade li pa wè estad yo, li te vle vin pilòt, lèl te tande moun ki te vin avanw yo,menm ou menm te gen projè te konstwi ayeyopò nan 4 kw https://www.instagram.com/p/B8EWYGuAoVm/?igshid=1w5ms2dg9xakh
0 notes
seraseta1 · 4 years
Text
Tumblr media Tumblr media Tumblr media Tumblr media Tumblr media Tumblr media
Yè Dimanch 15 desanm 2019 la mwen te òganize yon reyinyon ak yon seri nan zanmim yo ki nan vil Pòtoprens.
Nan kad poun te bwase lide sou problem peyi a, e tou explike yo projè ke nou genyen pou peyi a, espesyalman pou zile La Gonâve.
Mwen pa gen mo poum di nou mèsi konpatriyòt ayisyen parèy mwen yo, mwen kwè antanke ayisyen si nou mete tèt ansanm, mete men nan men, nou ap ka chanje peyi a.
Poun konstwi Ayiti ke nou tout ta renmen wè nan yon lòt paj lan, se nou ki pou fèl sitou jenès la, se poun reyini ansanm poun pèmèt chanjman fèt nan tout sektè yo nan peyi a. Mwen ankouraje nou zansèt mwen yo espesyalman jèn nan peyi a ini nou poun bati yon lòt ayiti pou tout ayisyen.
Mwen felisite tout jèn kap goumen pou mete Ayiti nan yon lòt dimansyon pozitiv, nou pap regrèt batay sa ke nap fè a, se pou jenès la patisipe nan tout sa kap bon pou peyi li.
Paske depiw chèche wap jwenn kontinye goumen pou peyi nou endepandan, poun soti nan kras, pou .peyi nou lib tout bon poun soti nan klas pòv yo mete nou an.
Ou mèt kwè mwen depiw ap goumen pou Ayiti kouraj ou pap pèdi pou granmesi.
Konpliman frèm ak sèm yo
Pou devouman nou nan avansman sosyete ayisyen an
0 notes
Text
PEACEFUL SUNDAY BLESSINGS TO ALL! BÒN DIMANCH A TOUT MOUN! BON DIMANCHE À TOUTES ET À TOUS! FELIZ DOMINGO!
HAÏTI⭐LEGENDS
🎥 Samuel Robuste - Bondye pa janm pale pou granmesi/ Ma va restore sak pou mwen yo/ O wi sa pral mache"
https://youtu.be/IfMyst_84zQ
🎥 Samuel Robuste |Onore Pwisans non Jezu| Bondye Konn Kase chen| yo pa kapab| Bondye di map Triyonfe |"
https://youtu.be/Z-Kj_pF8_bo
🎥 SAMUEL ROBUSTE Jezu gen yon plan pou mwen (w'ap tonbe) | New Song 2019 | Feat JKC" https://youtu.be/6wPwIczPKi8
🎥 Samuel Robuste: Lion De Juda Atake -- Salvation Church Of God Brooklyn -- Pastor Malory Laurent
https://youtu.be/6PvPw-XRGuc
🎥 Samuel Robuste Men'm Bondye Ki Te La Ye a, Si'm Pa Ta Louwe Konnen'm Ta Engra"
https://youtu.be/UxPkdl9ljcU
🎥 Samuel Robuste- Senye menm nan liy nan"
https://youtu.be/MIuXNyy1c-E
🎥 Samuel Robuste Ou Se Pi Gwo Ranfo m, Lonje Men w Sou Mwen Senye, Ou Pa Gen Rival" https://youtu.be/whvzkkmMgsk
-------------------------------------
TG Miami
http://tabernacleofglory.net/Default.html
Samuel Robuste
#AppleMusic
https://music.apple.com/us/artist/evangeliste-samuel-robuste/1232059092
----------------------------------------
HELP HAITI NOW 💖
Fleur De Vie
http://www.fleurdevieonline.org
Fundraiser by Jocel Almeus : Help for kidney transplant
https://www.gofundme.com/f/qvpa5p-help-for-kidney-transplant
Fundraiser by Onald Germain : Road for Haiti-Help the people of Fond Des Blancs
https://www.gofundme.com/f/help-us-build-a-road-for-the-people-of-haiti
PDI Website Info:
http://www.paradisdesindiens.org/
Rescue One Child
http://www.484web.com/rescueonechild/
Project St. Anne - http://projectstanne.org
-------------------------------------------
*ARCHIVES (A collection of our Sunday Post)
*ZAMAR HAITI GOSPEL INTERNATIONAL /An Addition to H☆L #Haitilegends
https://zamarhaitichristianmusic.tumblr.com
#HAÏTI⭐#LEGENDS #Sunday #sundaypost #ChantsDesperance
#SamuelRobuste #Inspiration #sundayprayers #joy #PraiseAndWorship #adoration #gospelHaiti #ThankYouJesus #GodBlessYou #louanges #levanjil #OurFather #HolySpiritofGod #Love #ZamarHaiti☆#GospelInternational #Weekly #Blessings #QueDiosTeBendiga #Gospel
0 notes
louissaintec · 7 years
Photo
Tumblr media
Saturday, March 11 Unless Jehovah builds the house, it is in vain that its builders work hard on it.—Ps. 127:1. Jehovah’s organization goes to tremendous lengths to provide and help finance modest Kingdom Halls. The work of designing, building, and remodeling them is handled by unpaid volunteers. Since November 1, 1999, more than 28,000 beautiful new centers of pure worship have been provided for congregations worldwide. That means that for 15 years, on average, five new Kingdom Halls have been provided every day of the year. Efforts are being made to support the construction of Kingdom Halls wherever they are needed. This loving provision is based on the Scriptural principle that the surplus of some might offset the deficiency of others, in order that “there may be an equalizing.” (2 Cor. 8:13-15) As a result, beautiful new centers of pure worship have been provided for congregations that would otherwise never have had the financial resources to build a Kingdom Hall for themselves.  Si se pa Jewova ki bati kay la, se pou granmesi travayè yo travay di pou yo fè kay la. — Sòm 127:1. Òganizasyon Jewova a pa janm sispann fè gwo efò pou konstwi Sal Wayòm ki modès epi pou finanse konstriksyon sa yo. Se yon seri volontè yo pa peye senkòb ki desine plan sal sa yo, ki konstwi yo epi ki renove yo. Depi 1novanm 1999, yo te konstwi plis pase 28 000 bèl lokal pou pratike adorasyon ki pwòp la pou kèk kongregasyon toupatou sou tè a. Sa vle di, pandan 15 an, an mwayèn, yo te konstwi anviwon senk Sal Wayòm chak jou nan yon ane. Gen anpil efò ki fèt pou soutni yon konstriksyon Sal Wayòm kèlkeswa kote ki gen bezwen. Dispozisyon sa a ki demontre lanmou se yon dispozisyon ki baze sou yon prensip nan Ekriti yo ki montre sa kèk moun gen anplis kapab kouvri sa lòt moun manke yon fason pou “bagay yo [...] ka vin egal”. (2 Kor. 8:13-15.) Kòm rezilta, yo te konstwi yon seri bèl lokal tounèf pou anpil kongregasyon, ki pa t ap janm ka jwenn ase lajan pou konstwi yon Sal Wayòm, ka pratike adorasyon ki pwòp la.
1 note · View note
jakonews · 5 years
Text
Tweeted
#Haiti: RT gotsonpierre: 49 fanmi ki te gen kay yo kraze nan siklòn Matthew Chantal jwenn yon lòt kay, granmesi Konbit pou ranfòse aksyon lakay (Koral) ak Christian Aid. Kouman ede fanmi yo san tonbe nan asistana? Salomon Brutus ak Prospery Raymond ap re… pic.twitter.com/G7gQsWsLAY
— Le JAKO de l'île! 🇭 (@TwitJAKO) March 25, 2019
0 notes
louissaintec1 · 7 years
Photo
Tumblr media
Tuesday, November 7 Oppose the Devil, and he will flee from you.—Jas. 4:7. As we near the end of this system of things, Satan wants us to relax our guard, to “be kind” to ourselves by carving out a niche in this world, thus losing our sense of urgency. Do not let that happen to you! Instead, “keep on the watch.” (Matt. 16:22, 23; 24:42) Never believe Satan’s deceptive propaganda that the end is far off—or that it is not coming at all. Satan tries to have us believe that from God’s standpoint we are unlovable and our sins are unforgivable. That is all part of Satan’s deceptive propaganda. After all, who is particularly and reallyunlovable in Jehovah’s eyes? It is Satan. Who isreally unforgivable? Again, it is Satan. But the Bible assures us: “God is not unrighteous so as to forget your work and the love you showed for his name.” (Heb. 6:10) Jehovah appreciates our efforts to please him, and our service is not in vain. (1 Cor. 15:58) So let us not be fooled by Satan’s deceptive propaganda. w155/15 1:16-19 Opoze ak Dyab la, e l ap kouri kite nou. — Jak 4:7. Etandone nou toupre fen sistèm sa a, Satan vle pou n sispann veye, pou n panse ak tèt nou lè n chèche viv alèz nan monn sa a, e konsa, pou n bliye si gen ijans. Pa kite sa rive n! Olye de sa, annou “kontinye veye”. (Mat. 16:22, 23; 24:42.) Pa janm kwè nan pwopagann Satan ap gaye yo ki fè konnen lafen an poko prèt pou l rive oswa menm li pap vini ditou. Satan ap eseye fè n kwè nou pa merite pou Bondye renmen nou epi Bondye pap padone peche nou yo. Tout bagay sa yo fè pati pwopagann l ap fè pou l twonpe moun. Dayè, ki moun sitou ki plis merite pou Jewova pa renmen l ditou? Se Satan. Ki moun ki pap jwenn padon ditou? Yon lòt fwa ankò, se Satan. Sepandan, Bib la ban nou asirans: “Bondye pa enjis pou l ta bliye travay nou fè ak lanmou nou demontre pou non l.” (Ebre 6:10). Jewova bay efò n ap fè pou n fè l plezi yo anpil valè epi se pa pou granmesi n ap sèvi l (1 Kor. 15:58). Kidonk, ann pa kite Satan twonpe nou ak pwopagann li yo.
0 notes
jakonews · 6 years
Text
Tweeted
Moun ki Viktim Nan Batay 17 Oktob la Pa Dwe Viktim pou Granmesi Fòk Batay la Kontinye #PetrocaribeChallenge Nou Prale Jiska Vitwa Final#KotkobPetroCaribeA @SamuelSimonis @PascaleSolages @klibmapou @laloidemabouche @TwitJAKO @GibszZZz @richardsenecal @klibmapou @AtrosRockfam
— Charles Pitelly (@CharlesPitelly) October 22, 2018
0 notes
jakonews · 6 years
Link
0 notes