Tumgik
#okipic
pitorodops · 1 year
Text
1 saat icinde 2 is başvurusu düşmüş onlari yapicam odami toplicam kitap okip uyucam ama hemen uykuya da dalabilirim of aksam cok hizli gecio
8 notes · View notes
pissdrinkerpiko · 11 months
Note
piko
okip
piko
opik
Tumblr media
4 notes · View notes
Photo
Tumblr media
original url http://www.geocities.com/okipous/ last modified 2005-10-12 22:38:35
4 notes · View notes
icacolisusa33 · 4 months
Text
Senplifye livrezon an Ayiti soti nan USA ak Icacolis USA
Èske w ap chèche yon fason serye ak san pwoblèm pou voye machandiz an Ayiti soti nan USA? Pa gade pi lwen pase Icacolis USA! Nou espesyalize nan bay solisyon transpò san pwoblèm pou Ayiti, asire ke pakè ou yo rive nan destinasyon yo san danje epi alè. Avèk rezo vaste nou yo ak ane eksperyans nan endistri a, nou fè shipping to haiti from usa fasil ak pratik pou kliyan nou yo.
Poukisa chwazi Icacolis USA pou transpò ann Ayiti? Sèvis livrezon serye: Avèk Icacolis USA, ou ka fè konfyans ke pakè ou yo pral okipe ak swen epi yo pral delivre an Ayiti san danje epi alè.
Pwosesis san pwoblèm: Nou konprann ke anbake entènasyonalman ka konplèks, se poutèt sa nou senplifye pwosesis la pou kliyan nou yo.
Pri Konpetitif: Nou ofri tarif anbakman konpetitif ann Ayiti, sa ki ede w ekonomize lajan sou anbakman w yo.
Ekspètiz nan Shipping Entènasyonal: Ekip nou an gen anpil eksperyans nan transpò entènasyonal, asire ke pakè ou yo nan bon men.
Kijan transpò ann Ayiti ak Icacolis USA travay? Mete lòd ou a: Senpleman mete lòd ou a ak Icacolis USA epi bay detay yo sou chajman ou.
Ranmase pakè: Nou pral pran pakè w la nan kote w Ozetazini epi transpòte li nan etablisman anbakman nou an.
Ladwàn: Ekip nou an ap okipe tout pwosedi ladwàn pou asire pakè w la rive ann Ayiti san okenn reta.
Livrezon an Ayiti: Yon fwa pakè ou a fin degaje dwàn, nou pral delivre li nan destinasyon final li an Ayiti.
Poukisa Icacolis USA se pi bon chwa pou transpò ann Ayiti Tan transpò rapid: Nou ofri tan transpò rapid pou Ayiti, pou asire pakè ou yo rive nan destinasyon yo san pèdi tan.
Livrezon an sekirite: Avèk Icacolis USA, ou ka fè konfyans ke pakè ou yo pral okipe ak swen epi yo pral delivre an sekirite an Ayiti.
Ekselan Sèvis Kliyan: Ekip nou an angaje nan bay sèvis kliyan ekselan epi li toujou disponib pou ede w ak nenpòt kesyon oswa enkyetid ou ka genyen.
Livrezon Pòt-an-Pòt: Nou ofri sèvis pratik livrezon pòt-an-pòt an Ayiti, sa ki fè li fasil pou ou voye pakè bay moun ou renmen yo.
Konklizyon Lè li rive anbake an Ayiti soti nan USA a, Icacolis USA se non an ou ka fè konfyans. Avèk sèvis anbakman serye nou yo, tarif konpetitif, ak sèvis kliyan ekselan, nou fè livrezon an Ayiti fasil ak pratik pou kliyan nou yo. Mete lòd ou ak Icacolis USA jodi a epi fè eksperyans diferans lan pou tèt ou!
Mo kle: Shipping to Haiti, USA to Haiti shipping, Shipping from USA to Haiti, Shipping to Haiti from USA, Haiti shipping, Haiti shipping company, Haiti shipping company, Shipping Company to Haiti, Haiti shipping costs, Haiti shipping cost, Haiti shipping solution , Shipping solisyon an Ayiti, Shipping soti nan USA an Ayiti, Shipping to Haiti from the USA, Shipping to Haiti, Haiti package shipping, Package shipping to Haiti, Haiti package delivery, Delivery to Haiti, Ship to Haiti, International Shipping to Haiti, Pwosesis anbake Ayiti, lojistik anbake Ayiti, Icacolis USA, Icacolis USA anbake, Icacolis USA Ayiti, Icacolis USA sèvis anbake.
1 note · View note
okvipm · 5 months
Text
Tin Tức _ okvip _ okvip
Chuyên mục cập nhật và thông báo các tin tức và hoạt động mới của trang liên minh giải trí okip cho mọi ng��ời cùng theo dõi.
https://okvipm.com/tin-tuc/
0 notes
port-salut · 9 months
Text
NOU MELE AK OTORITE RESPONSAB LAJISTIS LAN ZONN SID LA…
Nou toujou enterese sou kesyon fonksyonnman lajistis lan peyi dayiti. Se peyi sa ki kontribye lan fomasyon nou avan nou pati al espesyalize nou lotbodlo. Le nou remake genyen deriv lan fonksyonnman lajistis nou santi nou gen obligasyon pou n reyaji kom sitwayen konsene lan devlopman peyi dayiti. Nou konsyan lajistis ap fonksyone tet anba, majistra yo kowonpi epi yo enkonpetan. Si w pa genyen lajan peye bon avoka ou riske kanni lan prizon.
Avoka yo plis ap fe sansasyon voye monte sou rezo sosyal olye yo chita sou analiz san pasyon ak patizanri. Oksilye lajistis yo menm meprize tout reg ki tabli pou respekte dwa sitwayen yo.
Nou konnen peyi dayiti ap fe fas ak yon pwoblem milti dimansyonel e ensekirite ak kidnapin se sel kok chante. Tout moun konnen se dirijan politik yo ( pouvwa ak opozisyon) epi sekte mafya lan oligak kowonpi yo kap alimante gang bandi yo ak zam e minisyon. Nou pap kouri kritike selman Jenn dezabize lan katye popile yo ki pa leve jwenn 2 paran yo k ap soutni yo. Yo leve lan yon milye kote se lamize, vyolans, soufrans, grangou, chomaj ak laviche ki sevi yo imaj dezolasyon. Yo pa genyen okenn referans ni Leta pa prezan lan katye difisil pou ede fanmi ki pov yo.
Premye responsab kondisyon lavi difisil fanmi kap viv lan zonn kote bandi yo okipe yo se otorite lan gouvennman santral la. Se yo ki gen obligasyon pwoteje dwa ki garanti lan manman lwa peyi a. Si otorite gouvennman yo pa janm manifeste okenn entansyon pou solidarize ak moun ki sibi zak vyolans bandi yo e nou kwe li enpotan pou nou mobilize fos nou pou n denonse otorite sa yo.
Dr Ariel Henry sou pouvwa depi 20 jiyet 2021 apre koudeta ki swiv asasinay Prezidan Jovenel Moïse lan dat 7 jiyet 2021. Misye se jwe wol premye minis, prezidan, minis enterye e chef konsey siperye polis nasyonal. Li lan tet pouvwa depi 29 mwa san okenn oganism k ap kontwole aksyon li. Pa genyen okenn satisfaksyon lan revandikasyon mas bidonvil yo. Moun ki viktim anba zak kriminel bandi pa jwenn okenn rekonfo ni sipo rejim an plas la.
Genyen plis desespwa, chomaj, grangou, ensekirite ak vyolans sou rejim Dr Ariel Henry a. Misye plis preokipe satisfe reprezantan anbasad peyi etranje yo ak Nasyonzini. Moun ki pati kite kay yo akoz afwontman gang yo pa jwenn okenn soutyen ni solidarite ekip ki sou pouvwa a.
Lan yon konteks sosyoekonomik difisil kote minis lajistis dako pou li deklare gouvennman an pedi yon banm teritwa e plis pase 80% teritwa lan kapital la se gang bandi kriminel ki ranplase leta, nou prefere akse kritik nou sou ekip ki sou pouvwa kap jwi tout privilej Leta. Li pa nomal pou n aksepte 20.000 jenn pase yon premye trimes san frekante lekol akoz fanmi ki viktim yo okipe espas etablisman piblik yo lan kapital la.
Nou pa tande okenn dirijan ni minis lan gouvennman ki panse ak pwoblem reyel peyi a. Diaspora ki se fos ekonomik e entelektyel peyi dayiti pa kapab rete debwa kwaze pou gade silans yo pandan pep ayisyen ap travese tout peripesi sa yo. Li enpotan pou n mobilize fos nou ak sitwayen konsekan pou n denonse ekip gouvennman sa ki pap regle anyen serye pou fanmi kap sibi vyolans gang yo lan peyi dayiti.
Nou oblije reyaji apre nou konstate arestasyon papa chef gang Mariani an ki rele Boutba kote li deklare misye te lan Posali. Deklarasyon sila fe Komise Ronald Richmond paret led apre deklarasyon piblik li te fe sou rezo sosyal yo pou kondane entevansyon Komise Muscadin ki te entevni lan jiridiksyon l ap dirije san avize chef Pake a e ekip lapolis jiridiksyon an.
Redaksyon Port-Salut Magazine te pran konesans entevansyon, reyaksyon yo ak deklarasyon Ronald Richmond ki se Komise jiridiksyon Okay la. Le nou te analize deklarasyon Charles Didier Saint Juste ki se met otel lan Posali nou te remake misye gen bagay lap kache. Nou pa rive konprann pouki rezon met otel la di se li ki te tire 2 bal yo. Si papa Boutba deklare li te Posali sa vle di Didier Saint Juste pa bay tout vérité yo. Moun Posali dwe pridan ak met otel sa wi kap tolère bandi anvayi kwen pezib sa. Sityasyon sa kapab jete yon vye imaj pou moun kap viv lan komin Posali.
Nou remake Komise Richmond paret led apre li te fin fe deklarasyon tet anba sou entevansyon Komise Muscadin lan komin Posali san li pat enfome. Richmond demontre li genyen problèm ak fonksyonnman Komise miragwann lan. Lan konteks ensekirite peyi dayiti kote Komise Muscadin ap batay ak tout fos li pou eradike bandi k ap travese gransid la, deklarasyon piblik Komise Richmond genyen kek mo ki mal plase.
Nou genyen kek kritik sou arestasyon Papa, Fre ak Belme chef gang Boutba. Nou ta renmen konnen sou ki motif yo arete manm fanmi bandi a? Nou rekonet responsablite penal li pesonel ak moun ki fe zak kriminel e pa genyen anyen ki di Papa, Fre ak Belme bandi a genyen konplisite ak chef gang Boutba kap teworize moun Mariani. Nou remake genyen anpil tet cho lan arestasyon fanmi bandi a epi manke pwofesyonalis lan entewogasyon fanmi bandi a li te dwe fet separe pou li te kapab jwenn plis enfomasyon. Zafe Komise gouvennman Ki tabli lan miragwann k ap fouye sekey san gan li pa sekirite pou li.
Konklizyon nou tire deklarasyon Charles Didier Saint Juste genyen kontradiksyon e gen anpil dout sou zafe pat genyen bandi lan otel la. Komise Muscadin demontre li te genyen bonjan enfomasyon sou prezans bandi Boutba lan komin Posali.
Deklarasyon Komise Ronald Richmond korek lan yon peyi nomal paske yon Komise gouvennman genyen yon limit jiridiksyonel pou li ekzese pouvwa li. Tout entevansyon yon otorite lan yon lot jiridiksyon li te dwe enfome Komise lot jiridiksyon an avan li aji paske tout 2 Komise gouvennman yo fe pati menm ekip epi yo genyen menm misyon aplike politik penal gouvennman an. Si genyen deriv lajistis epi minis lajistis pa di way sa vle di yo pa konsyan de wol yo dwe jwe lan pouvwa kowonpi sa.
Jounen jodia tout moun remake pa genyen solidarite ant 2 Komise gouvennman yon rejim ki genyen misyon aplike politik penal gouvennman Dr Ariel Henry. Sitwayen ki genyen limye dwe pran pozisyon pou denonse tout konfizyon ak mezantant kap ranfose zak bandi kriminel sanfwa ni lwa ki ranplase leta lan peyi dayiti.
Jean-Marie Mondésir
Juriste haïtien | Specialiste droit civil
Citoyen engagé de Dumont
Éditeur de Port-Salut Magazine |
La voix de Dumont
PDG de Dumont Inter 103.1 FM
Portsalutmagazine.ca
https://lavoixdumont.wordpress.com/2023/12/15/nou-mele-ak-otorite-responsab-lajistis-lan-zonn-sid-la/
0 notes
sanctifiez-vous · 1 year
Text
Verset du jour 📖
Comme un berger, Il paîtra son troupeau, Il prendra les agneaux dans ses bras, Et les portera dans son sein; Il conduira les brebis qui allaitent. Ésaïe 40:11 Vèsè jounen an 📖Tankou yon Gadò, l’ap okipe mouton l’ yo. Se Li menm k’ap sanble yo. L’ap pote ti mouton yo sou bra l’. Tou dousman l’ap mennen manman mouton ki gen pitit dèyè yo. Ezayi 40:11
Tumblr media
View On WordPress
0 notes
zoutilevanjil · 2 years
Text
LEÇON DOMINIKALE POUR CE DIMANCHE 22 JANVIER 2023 / LESON DOMINIKAL REYON LIMYÈ
LESON DOMINIKAL POU DIMANCHE 22 JANVYE 2023 TIT: Danje enkredilite a LEKTI: Jan 12:37-50 TEKS DO: Tout moun te vire tèt yo pou yo pa wè l’. Nou pa t’ okipe l’, nou pa t’ pran ka I’ menm. Ezayi 53:3b ENTWODIKSYON: Pandan Sovè a ap anonse lanmò li pou pèp li a ak pou lemonn antye, pandan l’ap prezante tèt li kòm limyè monn lan ki pou retire moun nan fènwa, pwòp pèp li a te refize soumèt. Malgre…
Tumblr media
View On WordPress
0 notes
netalkolemedia · 2 years
Text
Chanm kote Messi t ap dòmi nan peyi Kata a, pral tounen yon ti mize 
Responsab yo nan kanpis inivèsite Doha, kote ekip Ajantin nan te sejoune pandan mondyal 2022 a fè konnen, chanm Lionel Messi te okipe a, pral tounen yon ti mize nan semèn k ap vini la yo.  Aprè li fin chanpyon mond lan ak peyi l Ajantin, Messi konnen yon pakèt lòt eksplwa tankou li vinn dezyèm moun ki gen plis moun k ap swiv li sou enstagram, yon foto l kote l ap leve twofe koup di mond lan bat…
Tumblr media
View On WordPress
0 notes
etiennelouisjuste · 2 years
Photo
Tumblr media
Pou manman ki pase yon move nwit epi ki reve gen yon ti tan pou repozel, Pou manman ki preske pa dòmi depi wikenn pase a, Pou manman ki santil akable ak yon kay sal e ki pa ranje, Pou manman ki deprime, Pou manman ki soufri anksyete, Pou manman ki reyèlman pa santi yo edel, sipòtel, soutnil, Pou manman selibatè, vèv, separe oswa divòse, Pou manman k'ap travay e ki reve pase plis tan ak bebe li, Pou manman ki rete lakay la ki anvi pran yon ti repo pou rechaje pil li, Pou manman ki pa menm gen yon minit pou'l benyen, Pou manman yon bebe ki gen kolik, RGO oswa nenpòt lòt pwoblèm sante, Pou manman an ki enkyetel tout tan sou byennèt ti bebe li a, Pou manman ki gen pwoblèm pou bay tete, Pou manman ki ta renmen bay tete men ki te oblije sispann, Pou manman ki pèdi ti bebe li, Pou manman ki gen bebe ki entène oswa ki te entène lopital, Pou manman ki gen yon ti bebe ki pa sispann kriye, Pou manman ki pat vle sezaryèn men ki te oblije fè li pou fè pitit li, Pou manman ki pa gen okenn zanmi bò kotel, Pou manman ki malad men ki oblije kontinye okipe pitit li paskel pa gen moun pou pran relèv, Pou manman ki bay tout li menm, tout tan, epi ki santil fatige, Pou manman ki pa santi yo renmen li ase, souzèstime li, Pou manman ki dekouvri li ansent marasa epi ki pa konn kisa li pral fè, Pou manman ki ap eseye plis pase tout bagay pou gen yon timoun men ki ap fè fas ak pwoblèm enfètilite, Pou manman ki pa janm pèdi gwosè li te pran pandan gwosès li epi ki pa rive apresye tèt li ankò jan li vin ye a, Pou manman ki pèdi twòp pwa paske li tèlman strès, Pou manman k'ap eseye leve yon timoun pandan y'ap etidye, Pou manman ki santil pre pou abandone tout bagay, OU PA POUKÒW, MENM KE MOMAN SA YO DIFISIL SE VRE PRAN KOURAJ PASKE SA PAP TOUJOU RETE KONSA. OU GEN PLIS FÒS KE SA'W TA PANSE❤❤❤ ✍✍ Grossesse et maternité 🌐🌐 Pédiactu. #etiennelouisjuste https://www.instagram.com/p/Cl9XF6Auw81/?igshid=NGJjMDIxMWI=
0 notes
Photo
Tumblr media
* 釣り体験(仕掛作りから) --------------------------------------- 今日はダメかと思ったけどなんとか釣れた。 @漁港 #okinawa#okinawan#sea#okinawapic#pic#beautiful#沖縄 #okipic#oceanroot#muranominka#minpaku #民泊#読谷#釣り#フイッシング#fishing
1 note · View note
pissdrinkerpiko · 11 months
Note
piko
Okip
2 notes · View notes
scenaristefadou · 3 years
Text
" EXCESS LOVE "
EKRI PA : FADELÈNE AUGUSTIN
TÈKS : JUILLET 2021
EPIZÒD : 7
🎀🎀🎀🎀🎀🎀🎀🎀🎀🎀🎀🎀🎀🎀🎀
Philippe chita nan salon an ak Barbie zuzu a ap pran plezi l , fi sa tèlman renmen al kay Philippe anpil moun panse se la l rete .
SCÈNE 1 : BARBIE ZUZU A/PHILIPPE
BARBIE ZUZU A(ak yon vè Shampagne nan men l ap siwote) : M tande w ap òganize yon joune lanmè .
PHILIPPE : Se pa mwen k ap òganize l men se mwen ki chwazi plaj la .
BARBIE ZUZU A : Epi w pa t di m sa ?
PHILIPPE : M pot ko jwenn moman ideyal la .
BARBIE ZUZU A : Avè m pou w pase joune a wi .
PHILIPPE(gade l) : Kòmansa ?
BARBIE ZUZU A : M ap akonpanye w men se bò kote m pou w rete .
PHILIPPE : M pa timoun piti epi joune a se jis pou n relaks , m pa wè pouki m pral oblije chita yon sèl kote ap gade lòt moun yo k ap pran plezi yo non .
BARBIE ZUZU A(t ap leve vè a met nan bouch li , li tou pa fè sa ankò) : Sa vle di si w pati avè m se yon kote w pral chita ? (leve kanpe) gade m byen Philippe ! Èske w wè m sanble avèk ti restavèk ki te vin fè chyen nan pye w la ? Dayè m son fanm ki gen cham e m trè klasik , ou ta dwe fyè paske se mwen ki vle akonpanye w .
PHILIPPE(byen vag) : Depi lè w te vin mande m renmen an , m te mete w klè sou tout bagay .
BARBIE ZUZU A : Wi men w pa ka oze w ap di m ou pa pral ret chita yon sèl kote kòmsi m pral anbarase w .
PHILIPPE(se mennaj li , l ap eseye kalme l) : M pa t di sa pou fwase w amour .
BARBIE ZUZU A : Ou gen yon jwèt w ap jwe avè m Philippe , raple w m di w m pa ti restavèk ou a sèlman ...
PHILIPPE : Ou pa bezwen rive jis la bebe , vin chita sou mari w .
BARBIE ZUZU A(ap fè ti kapris) : M pa sou sa .
PHILIPPE : Ah bb !
BARBIE ZUZU A : Mwen pa sou sa
PHILIPPE(fè ti zye l dou) : Fè m plezi a amou , Silteplè bb .
Sèvant lan pot manje pou Philippe , li pa di eskize paske l konnen zuzu a te la deja . Li tou pwofite de moman sa pou l bay sèvant lan cho , li chita sou Philippe sansyèlman pwi l pase lang li sou bouch li .
BARBIE ZUZU A : Ou konnen m pa ka reziste w baby .
PHILIPPE(souri) : Epi w t ap fè kapris ?
Sèvant lan pa okipe l menm , li jis met bagay yo la pwi l soti . L al sote sou jeran an k ap antre nan kwizin nan tou dousman .
SCÈNE 2 : SÈVANT LAN/JERAN AN
SÈVANT LAN(byen fò) : Ey ! Sa w pèdi la ?
JERAN AN(sote) : Oh ! Makomè .
SÈVANT LAN : M pa nan makomè avè w , frenk di m sa w pèdi nan kwizin nan .
JERAN AN(met yon dwèt sou bouch li tou piti) : Pa pale fò , pa pale fò .
SÈVANT LAN : Kòman pou m pa pale fò a ? Plas ou se deyò l ye .
JERAN AN(ap eseye sansibilize l) : Se kote w m t ap vini , padon .
SÈVANT LAN : Ebyen m okipe , kòmanse soti .
JERAN AN : Se yon bagay m te tande , m te vin rakonte w . M pa t vle pou patwon an wè m men w pouse do m .
SÈVANT LAN(enterese) : Di m non .
JERAN AN(fè kòmsi l prale) : M pa bezwen di w ankò , se deyò plas mwen ye .
SÈVANT LAN(kenbe l) : Pa fè sa konpè , se fason m wè w t ap pase antre tankou yon vòlè a ki fè m te kouri dèyè w la .
JERAN AN : Ebyen fè travay ou , m pral netwaye lakou a .
SÈVANT LAN(ensiste) : Gentan di m avan w ale .
JERAN AN(ap fè ti rezistans) : Ah ! Lè m fini .
SÈVANT LAN : Se bagay sa m rayi avè w la wi .
JERAN AN(lonje tèt li pou l wè si gen manje nan chodyè a toujou) : Si pou m di w w ap banm manje pa m .
Sèvant lan tèlman renmen zen , li aksepte .
SÈVANT LAN(ap drese manje a e pale anmenmtan) : Si w fin fè m ba w manje a w pa di m koze a , m ap nan kont avè w wi .
JERAN AN(distrè nan dèyè sèvant lan) : Ay Bondye ! Gadon moso vyann , m santi m ta pran l pou m ap moulen l , byen souse l jiskaske m fin tete mezi ti dlo nan kò l ...
SÈVANT LAN(gade l) : Ak ki moun w ap pale la ?
Jeran an tèlman distrè ni l pa tande si y ap pale avè l , dam nan fè yon bri nan tèt li .
JERAN AN(li desann sou tè) : Adjeee ! Pou kalte bagay sa m wè w pote a , ou kwè patwon an pa gentan fè yon bèl kout tèt ladan l ? Kilè w ap banm yon bagay menm ? M byen renmen ou .
SÈVANT LAN : Sa w pèmèt ou di a ? (Li rale yon bale) flanke w deyò !
JERAN AN : Men... men ... Ou poko banm manje a .
SÈVANT LAN : M pa p bay pyès manje ankò , mete w deyò.
Li pran kouri dèyè jeran an nan tout kwen kay la , Philippe tande bri a li soti vin gade sa k genyen .
SCÈNE 3 : PHILIPPE/SÈVANT LAN/JERAN AN
JERAN AN(ap tranble kou fèy bwa) : Pa ... pa gen anyen non patwon .
SÈVANT LAN(byen move) : Jis anndan kwizin nan msye antre pou l al derespekte m patwon .
PHILIPPE : Eksplike m byen .
SÈVANT LAN : Se pandan m fin pot manje a ba ou , m kwaze avè l k ap antre nan kwizin nan sou pwent pye . Li mande m ti manje m al drese l pou m ba li , kareman l di m o gwòsè bagay sa l wè m pote a si w pa gentan vin bay kout tèt ladan l .
JERAN AN(bege) : Se pa vre non patwon , se blag m t ap fè wi .
PHILIPPE(fache pou l mouri) : Konbyen fwa pou m di w se deyò m mete w travay ? Sa w pèdi anndan an jiskaske w vle antre nan pèsonalite m ? Ou bezwen manje se pou w tann yo pote l ba ou .
JERAN AN(met tèt li atè tou wont) : Se pa fòt mwen non patwon , se blag m t ap fè wi .
PHILIPPE(monte vwa l) : Kit se blag ou t ap fè ou non , se deyò m te ba w travay .
JERAN AN : Ebyen padone m patwon , sa pa p rive ankò .
PHILIPPE : Ou mèt kòmanse prepare w pou w ale , ou pa bezwen travay isi a ankò .
JERAN AN(met ajenou nan pye l) : Silteplè patwon , m pa p fè sa ankò . Si w revoke m kisa m pral manje ?
PHILIPPE : Se alèz ou te alèz , m pa bezwen w isi a ankò . Chache yon lòt kote .
San yon rega anplis , li vire antre .
SÈVANT LAN(gade jeran an ki blayi atè a ak de ran dlo nan zye l) : Wa kite soumoun !
Li vire ale . Jeran an ret kouche atè a ap kriye , kèk minit apre Philippe pot kòb travay li a ba l pou l ale . Barbie zuzu a al nwi sèvant lan nan kwizin nan .
SCÈNE 4 : BARBIE ZUZU A/SÈVANT LAN
BARBIE ZUZU A(gade l anba pou monte) : Dat w ap fè ti afè w avè l anba chal , w ap vin pran pòz ti sa l di a blese w ? Kòm si Philippe pa t ka ba w ti kout tèt la vre ?
SÈVANT LAN(vire gade l) : Pouki w pa veye afè w pito madanm ? Ou pa wè se travay mwen m ap fè la ?
Te gen yon twal chodyè nan men sèvant lan , li rale l .
BARBIE ZUZU A(ak mepri) : Ki travay posib ? Mwen m plis wè w sanble ak yon restavèk .
SÈVANT LAN(santi l agase) : Kòmsi restavèk yo pa moun tou yo menm ? Bon pito w te yon restavèk ou ta miyò !
BARBIE ZUZU A(pran ri byen fò) : Ey ! Ey ! A Ki moun w ap pale konsa ? Ou genlè pa konn si se mwen ki patwòn isi a ? Si w pa t konnen m di w sa , Philippe se fiyanse m ou dwe respekte m .
SÈVANT LAN : Depi m konnen m pa p travay avè w , pa gen okenn lòd ou m pral obeyi .
BARBIE ZUZU A : Ebyen w ap gentan konnen ! Ou genlè panse m pa ka fè yo revoke w menm jan w fè yo revoke jeran an tou ?
SÈVANT LAN : Plen lòt kote ki bezwen yon bon sèvant tankou m , se pa sèl la ki genyen kòm kote pou m travay .
BARBIE ZUZU A : A bon ? Dakò , m pral montre w sa m peze !
Li voye twal chodyè a nan figi dam nan epi l vire ale byen move .
SÈVANT LAN : Sa pa ka fè m mache .
Li kontinye fè sa l t ap fè a byen trankil , Barbie zuzu a al pote Philippe plent .
PHILIPPE(wè l ap vini byen move) : Sa w genyen w fache konsa baby ?
SCÈNE 5 : BARBIE ZUZU A/PHILIPPE
BARBIE ZUZU A : Epa sèvant ou an ki sot derespekte m la ?
PHILIPPE : Kòmansa ?
BARBIE ZUZU A(lage kò l sou kanape a tankou yon lourdeau) : M t al chèche fè l wè rezon pou jeran an l fè w revoke a , fi a pa menm tann mwen fin pale li voye m anlè l pa atrap mwen .
PHILIPPE : Kòman l voye w anlè l pa atrap ou a ?
BARBIE ZUZU A : M jis di l li te sipoze padone jeran an olye l te fè w revoke l , se rete m rete m wè fi a monte sou mwen nenpòt kòman . Li menm joure m restavèk , m sezi wi .
PHILIPPE : Pou premye fwa nan vi m , m pa kwè nan sa w di a .
BARBIE ZUZU A : Kòman w pa kwè m nan Philippe ? Epa mennaj ou m ye ? Pouki pou m ap ba w manti la ?
PHILIPPE : Ebyen kisa w vle m fè ?
BARBIE ZUZU A : Pou w pale avè l pou mwen pou l banm respè m sinon ...
PHILIPPE : Sinon kisa ?
BARBIE ZUZU A : Sinon w ap revoke l papi .
PHILIPPE(santi l pèdi) : Fò m reflechi avan bb , m pa ka kouri revoke l konsa .
BARBIE ZUZU A : Men si se jeran an , ou ta kouri revoke l pa vre ? Tout lide m di m ou nan yon bagay avè l vre .
PHILIPPE : Pouki w gentan ap doute la ? M pa jan de moun ou panse a .
BARBIE ZUZU A : Ou pa t ap janm di wi , m konn sa .
PHILIPPE(ap eseye konvenk li) : M pa ka kouri revoke sèvant lan konsa , ou byen konnen byen se li k fè tout bagay la . Si m revoke l , kimoun ki pral fè manje ?
BARBIE ZUZU A : M pa di w pou w kouri revoke l , m di w pou w fè l banm respè m sinon w ap revoke l pou w pran yon lòt sèvant .
PHILIPPE : M ap pale sou sa avè l pita ...
BARBIE ZUZU A(replike byen rapid) : M pa nan pita , si w pa ka fè sa kounya n ap tou kite Philippe !
2 notes · View notes
sou-ris · 4 years
Text
mwen pa dòmi jouk dezè dimaten ye. m t ap li yon liv nan kreyòl. li gen sèlman* vennef (29) paj; men, m te fini li e sa sifi pou mwen. liv gen kèk nouvo mo vokabilè. anba se yo.
Lagonav : Yon lidè, yon pèp, yon peyi
• lesegrennen : carelessness, unconcern; negligence
• kalifye : (adj) qualified, competent; (v) to qualify
• rann : to give back
• atoufè : (n) criminal, bandit; (adj) unprincipled (without morals)
egz — (n) “se atoufè ki patisipe nan konvèsasyon politik peyi a.”; (adj) “se prizonye atoufè yo te ye nan peyi...”
• po patat : small amount of money
• pope twèl : puppet, figurehead
• po pistach : for peanuts, for almost nothing
• klou : (metal) nail
• anplis : (adv) furthermore, in addition, moreover; (prep) in addition (to)
• kanta (pou) : as for, concerning
• palmantè : (n) legislator; (adj) parliamentary
• volonte : determination, will, desire
• dirijan : director, leader
• ponyèt : wrist
• gwo ponyèt : powerful or influential person
• diyite : dignity
• bann : group, band, bunch, gang
• fèb : weak, feeble, frail
• swadizan : so-called, supposedly
• mwèl : bone marrow; courage, strength
• zansèt : ancestor, forefather
• bòt : (pair of) boots
• aloskè : whereas
• panche : to lean, tilt
• antere : to bury
• orezon : pray
• sèkèy : coffin
• kan : faction, side; camp
• gagann : throat
• manm : member
• konpòtman : behavior, conduct
• demisyone : to resign, quit
• patri : homeland, native country
• mons : monster
• lwijanboje : one who wants to have his way, someone who wants to be dictatorial
• onè : honor
• menase : to threaten
• filalang : to stick one’s tongue at someone, to mock
• di* : (adv) firmly; (adj) hard, durable
egz — “se responsabilite sitwayen yo pou yo travay di pou okipe tèt yo ak fanmi yo.”
• kalewès : to loaf, be lazy, goof off
• wou : wheel, tire
• oserye : seriously
• enfrastrikti : infrastructure
• kou* : (adv) as soon as
egz — “kou tout eleman sa yo rasanble, pèp la ap viv ak kè poze.”
• abi : abuse
• vanjans : vengeance
• lagonni : agony, extreme suffering
• siy : sign
• defè : to undo
• trèt : traitor
• trayi : to betray
• sadwa : properly, correctly
• ateri : to land (airplane); to wind up somewhere
• bonte : kindness, goodness
• zak : act, action
• dega : damage
*mo gen lòt definisyon.
mwen pi renmen idyòm yo kon “gwo ponyèt” ak “pope twèl”. ki idyòm ou renmen? 😊
4 notes · View notes
haitianculture509 · 4 years
Text
Tumblr media
Hot pepper shrimp with jerk chicken pasta haitian style! I know I know! Some of you may say this isn't how jerk chicken look like, but hear me out.. I seasoned my poultry with my jerk seasoning, then baked it in the oven, it's been rainy by me so I couldn't grill my pieces the way I had hoped.. Nevertheless it came out great! As for my shrimps, they make beautiful decorative pieces lol..
.
.
. °°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°
Instructions: (SIW PA LAVE Shrimp ou nan 🍋 ou vinegar, manjew pral Santi kri)
1 lb shrimp(your choice)
1 habanero pepper (or any hot pepper you like)
2 tablespoon lemon juice
3/4 teaspoon salt
1 tablespoon paprika
2 tablespoon parsley
4 cloves garlic
Set aside
. .
. °°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°°
chicken legs (TANPRI LAVE VIANN NOU PA OKIPE BLAN)
1/3 cup olive oil
2 TB light brown sugar , packed
1 heȧping TB dried thyme
2 tsp ground allspice
2 tsp smoked paprika
1 tsp cinnamon
1 tsp ground ginger
1 tsp ground cloves
1 tsp cȧyenne pepper
2 tsp kosher salt
1/4 tsp freshly ground black pepper
1 tablespoon of my haitian epis( sorry, I "haitianize" everything 🤷🏿‍♂️).
.
.
In a bowl, combine all remaining ingredients to form a spice rub/paste mixture. Evenly rub mixture underneȧth the skin of chicken legs, a well as on top. Place chicken on large rimmed baking sheet, with space in between each piece. Bake 35-40 minutes or until nicely browned. Serve immediately. Epi Baton!
.
.
.
As for your pasta, I'm sure nou konn koman pou nou bouyi vide , and once everything is cooked and ready, toss them together with the pasta, the juice from the jerk chicken and shrimp will serve as base to further flavor your pasta.. Then garnish with parsley. .
4 notes · View notes
port-salut · 4 years
Text
I 1/ #LeReCit — Gen moun kap voye vèsè labib pou jistifye vyolans ak diskriminasyon kont #MasiMadi :
1- Labib di klèman : “Le Salut est personnel”.
Kidonk, sepa aktivite sexuel yon moun ki ka anpechew sove;
Bondye jis, li patap janm lage SALUT w sou kont dèyè oubyen devan yon moun;
2/ sak pi grav la yon lòt moun w pa menm konnen.
Menm Labib la ensiste pou di 2 moun kapab kouche nan menm kabann yon sove lòt la pèdi.
Koze ap itilize Labib pou jistifye vyolans ak rayisman kont moun sa pa jistifye.
Se itilize Labib pou regle zafè nou menmjan ak kolon esklajis.
3/ 2- Nan menm Labib sa Jezi di pa jije. Alòske nan tan sa adiltè te tankou #MasiMadi jodia, Jezi te kont vyolans ak diskriminasyon kont moun sou pretex relijyon;
3- Gen yon seri moun ke mwen rele KRETYEN SELEKTIF. Yo jis seleksyone sa yo bezwen nan Labib pou regle zafè yo.
4/ Paske yap itilize vèsè nan Levitik ki kondane #MasiMadi, tandiske nan menm Levitik sa (11) yo di pa manje vyann bèt ki pagen pye fouchu ezanp kochon, menm Labib sa di yo obsève Sabbat. Men pou yo fè sa yo vle, yo di’w san ansyèn testaman ki vle di ansyèn alyans.
5/ 4- Mwen pat anvi mennen deba sou vèsè Labib. Men, kòm mwen wè gen moun ki pran tout lòt moun pou egare, mwen te vle demontre yo ke diskou vyolans ak diskriminasyon yo a pa chita sou anyen nan Labib. Bondye pa bay yo misyon jije aktivite seksyèl lòt moun. Yo ka konseye, preche,
6/ men jamè jije ni kondane. Ankò pi grav ankouraje vyolans kont moun #MasiMadi.
Pou bann pastè kap fè rizib yo, pa okipe yo. Chaj jou yon #USA, #Canada ak #france kote yap marye #MasiMadi. Sepou yo gen kouraj di yo pap vwayaje nan peyi sa yo ki se Sodòm ak Gomòr. Yo renmen VIZA!
7/ Ozetazini mwen pa wè moun yo nwi okenn moun nan anyen. Yo nan aktivite yo, club yo, fè pwogram yo, epi tout lòt moun nan lòt aktivite yo, travay yo, legliz yo, pwogram yo. Dayè yo pa anpil epi yo gen tandans rete nan menm katye. Se raman w ka wè 2 #MasiMadi nan yon store.
8/ Pito nou okipe bagay serye tankou ranmase fatra nan lari tan chita ap fè demagoji.
Sak pi rèd la, mwen aprann ke yon bann pastè ki gen pitit yo ap viv #USA, #CANADA kise peyi kote #MasiMadi marye libe libè, chita nan vil Okap ap reyini sou deyè Masisi ak Devan Madivinez.
9/ Men nèg sa yo ransè!
Tout pitit yo ap viv #USA kote yo marye #MasiMadi,
chak madi ak jedi yo ayewopò ap tann avyon misyonè pote kichòy soti #USA,
tikrik tikrak yo nan avyon pou ale #USA,
Men se #Haiti ki pabon pou yon ti dekrè ki pa menm bay oken nouvo dwa a #MasiMadi. BLOFÈ!
https://twitter.com/reseaucitadelle/status/1277977136578490376?s=20
1 note · View note