Tumgik
#sanzave
scenaristefadou · 3 years
Text
" EXCESS LOVE "
EKRI PA : FADELÈNE AUGUSTIN
TÈKS : JUILLET 2021
EPIZÒD : 12
🎀🎀🎀🎀🎀🎀🎀🎀🎀🎀🎀🎀🎀🎀🎀
SCÈNE 1 : PHILIPPE/VICTORIA
PHILIPPE(byen move) : Sa w vin fè la ?
VICTORIA(avanse tou dousman) : Mwen dezole pou tout sa k te pase yo Philippe , se mwen k lakoz .
PHILIPPE(gade l de la tèt o pye) : Se ou k lakoz kisa ? Se ou k lakoz sèvant lan mouri a ? Kòm se sa w te pwomèt li w fè l men pa panse sa ap fini konsa .
VICTORIA(sezi) : De kisa w ap akize m la Philippe ? M pa responsab lanmò pyès moun , dayè m pa yon kriminèl .
PHILIPPE : Ou ka pran tout moun pou egare sof mwen menm . Ou gentan bliye si se ou menm ki te deklare ak pwòp bouch ou w ap tiye l ?
VICTORIA : M te di sa pa emosyon men se pa t sa m te swete vre , ou mèt kwè m ! M pa tiye pyès moun ni m pa t menm okouran de lanmò sèvant ou a .
PHILIPPE : M pa egare Victoria , zye Philippe kale .
VICTORIA : M serye wi , m vin la se pou m mande w padon wi spesyalman sèvant lan . M pa t vin la ak move entansyon .
PHILIPPE : M jwenn ase de manti ou yo Victoria , mwen avè m pa ansanm ankò . Banm chans mwen pou m viv .
VICTORIA(met ajenou) : M pa bay manti non Philippe , si m pa t renmen w vre m pa t ap vin trennen devan pòt ou ankò non . Ou sonje w te fè m wont devan sèvant ou a ?
PHILIPPE : M te gen rezon , dayè se yon vèmin ou ye . Kòmanse demaske w devan pòt mwen si w pa vle m lage chyen dèyè w .
VICTORIA : Kòman pou w lage chyen dèyè m nan ? Se vòlè m vin vòlè ? Bon m antann mwen avè w , w ap di sa ?
PHILIPPE(byen kalm) : M pa bezwen antann mwen ak pyès moun nan moman an la m okipe .
Malgre Philippe t ap pouse do l , Victoria ret la ap plenyen nan pye l . Finalman li leve , li pase men l nan kou Philippe .
VICTORIA(sipliye l) : M aksepte chwa w Philippe men m ap mande w yon sèl bagay avan m ale , tanpri pa refize m li .
PHILIPPE(byen vag) : Kisa l ye la ?
VICTORIA(ak yon vwa karesant) : M konnen nan moman an w pa byen , m konnen w ap travèse yon moman difisil men m vle pase yon dènye nwit avè w kòm yon dènye souvni . M pwomèt ou si w aksepte , m pa p janm vin nwi w ankò .
PHILIPPE(gade l) : Ou kwè nan sa w di a ?
VICTORIA : Pou yon fwa nan vi m , m serye Philippe ! Si w ta wè m pa kenbe pwomès mwen , ou mèt fè m pi mal ke jan w te fè ti dam nan . Si l posib menm , ou mèt pran m fè manje kochon . Silteplè Philippe , sa ap rete ant nou .
PHILIPPE(fè jès pou l fèmen pòt la) : Dezole ma belle , m pa sou fè lanmou .
Victoria kouri pouse pòt la , li antre dèyè l . Avan Philippe di yon mo , li depoze yon beze sou lèv li . Kòmsi manm li te paralize , Philippe pa t fè anyen pou l pouse l sitou l te bezwen sa nan moman an . Victoria plake l nan mi an pwi l pran karese bò kou l pandan l t ap glise men l desann dousman sou torse Philippe pou l al ateri nan dènye bout monn nan . Sa pa t pran tan pou l eksite l , li konn pwen fèb Philippe byen . Nan yon koudèy yo te gentan anndan chanm . Bò kote Florence , li poko ka fin kwè sa l tande a .
SCÈNE 2 : FLORENCE/MARIE-MAGDALA
FLORENCE(gade Mama) : Ou kwè nan sa w di a sè m ?
MARIE-MAGDALA : Pouki pou m ta ap bay manti pandan m konnen tout sa m di gen pou l tounen kont mwen ? Se pa san rezon yo di sa w pa konnen pi gran pase w la non .
FLORENCE : Eksplike m pi byen .
MARIE-MAGDALA : M pa gen ase fòs pou m pale Flo , m swete Pedro rakonte w tout bagay si l an mezi pou sa .
FLORENCE(met ajenou devan kabann nan) : Silteplè di m , Pedro pa p vle rakonte m anyen .
MARIE-MAGDALA : Kòm ou ensiste .
Florence kouri leve , li chita sou kabann nan pou l ka tande pi byen .
FLORENCE : M ap koute w .
MARIE-MAGDALA : Bagay la kòmanse lè m te fin prezante Victoria moun m te pran pou swadizan mennaj mwen an . Ou konnen byen jan mwen a Vic te zanmi sitou se sou katye a nou leve ansanm . Lè li menm ak timamoun wè jan Philippe ap byen pran swen m , yo fè kòkòday pou ba l tripotay sou mwen . Tout sa m di Philippe pou l wè se manti medam yo ap fè sou mwen , li pa kwè m . Se jou m t al lakay li pou m di l li pral papa a , m t al bare l ak Timamoun . Malgre sa m pran kouraj mwen ak de men , m di l m ansent men elas ! Li mete m deyò .
Dlo kouri nan zye l , Florence siye l ak dwèt li .
FLORENCE : Pedro pa t konnen ?
MARIE-MAGDALA : Kòman Pedro pa t konnen an ? Bon se espre l fè , li te rele w pou w al bare Victoria lakay li avèk Philippe la .
FLORENCE : Tèt chaje ! Talè wa di m Victoria konnen manman l konn nan afè ak Philippe tou ?
MARIE-MAGDALA : Sa w ap di la Flo ? Timamoun pa egare , li pa t ap janm fè gwòsè erè sa non . Ou ta di m w ap kouche ak mennaj pwòp pitit ou , ou t ap kite l konnen ?
FLORENCE : Mwen m pa kwè youn nan yo renmen Philippe , m plis kwè se dèyè enterè yo ye .
MARIE-MAGDALA(laji men l) : Ou tonbe d'aplomb !
San l pa t atann , li frape men ki anfle a . Flo wè sa , li avanse pou l ede l soulaje doulè a .
MARIE-MAGDALA : Pa enkyete w Flo , m byen .
FLORENCE : Ebyen oke kòkòt , Pouki w pa t janm di m koze sa yo depi avan ?
MARIE-MAGDALA : Paske m wè Timamoun te bouche zye w , menm si m te di w pa t ap kwè m .
FLORENCE(leve de men l met sou tèt li) : Se tout bagay sa yo ki te gen la ? Oh Senyè !
MARIE-MAGDALA(byen kalm) : Pandan w ap jere sezisman w lan , m tande baryè a frape .
FLORENCE(fè jès pou l leve) : M gentan konn se Pedro .
MARIE-MAGDALA(ap moke l de li) : Ou fin abitye ak fiti mari w nèt !
FLORENCE(byen kalm) : Kote m ka gen gwòsè sòlda sa nan lame m pitit ?
MARIE-MAGDALA : Antouka , li byen renmen w se ou k pa ba l bò .
Florence pa okipe l , li soti . Ti moun yo pa t sou lakou a yo te prefere jwe anndan . Florence fin ouvè baryè a , ki moun li wè devan l ? Timamoun ! Bouch li pran fòm O .
SCÈNE 3 : FLORENCE/VWAZIN NAN
FLORENCE(fòse souri) : Ki bon van k mennen w vwa ?
VWAZIN NAN(byen move) : Ti chodyè m yo vin dèyè nan men w ak tout veso m yo .
FLORENCE(sezi pou l mouri) : Bon se ladan yo m fè manje ?
VWAZIN NAN : Ki mele m se ladan yo w te konn fè manje ? Si w pa gen pa w sa manje atè .
FLORENCE : Konsa menm ?
VWAZIN NAN : Fè vit madanm m prese , m gen lòt bagay pou m fè .
FLORENCE : Ebyen fè yon ti tann , m pral lave yo pot ba w .
VWAZIN NAN : Ou mèt ban mwen yo , m konn kòman pou m lave yo .
FLORENCE : Non , non . M pa p ka bay yo konsa ! W ap oblije tann mwen pou m sanble yo ba w .
VWAZIN NAN : Ki rasanbleman posib ou pral fè la ? Bon w gen chans se pa deyò m mete w ?
FLORENCE(sezi pi rèd) : Kòman pou w mete m deyò a ? Nan kay manman m nan ?
VWAZIN NAN(gade l byen dwòl) : Manman w te gen kay ? M kwè se nan kafe l te konn ap drive anba sanzave pou l jwenn senk goud pou l vale yon sachè dlo ?
FLORENCE(wont) : Ou pa bezwen rive jis la , m pral lave chodyè yo ba w pou m fini ak tout bagay .
VWAZIN NAN : Sèlman pa fè bouch mwen long , m ba w 15 minit pou w remèt mwen mezi bagay m gen nan men w yo byen clean .
FLORENCE(bese tèt li tou wont) : Dakò !
Vwazin nan vire ale , Florence antre .
SCÈNE 4 : FLORENCE/MARIE-MAGDALA
MARIE-MAGDALA(gade l) : Kot Pedro ?
FLORENCE(met zye l atè byen tris) : Se pa t Pedro l te ye .
MARIE-MAGDALA : Kimoun li te ye la ?
FLORENCE : Vwazin nan .
MARIE-MAGDALA : Sa l te vin fè ? Kòb yo te ba li a pa kont ?
FLORENCE : Se pa pou kòb , m tande pou m al remèt li ni chodyè ni veso l gen la yo .
MARIE-MAGDALA(vire tèt li lot bò byen vag) : Mwen ou menm , m pa t ap bay pyès veso !
FLORENCE : Kòmansa ? Si se pou li yo ye , m ap oblije bay yo .
MARIE-MAGDALA : Ou genlè pa wè se mezi afè nou Timamoun bezwen bwote ? Ouvri zye w tande sè m .
FLORENCE : M pa gen lòt chwa ke kite katye a men ki kote n pral rete ? Ak ki mwayen nou pral viv ?
MARIE-MAGDALA : Pa gen koze kouri kite katye , bagay la se kanpe goumen l ye .
FLORENCE : Kote m ka kanpe anfas Timamoun ?
MARIE-MAGDALA : Se ou ki ba l pye sou ou , li pa ka fè m sa . Lè l vin egzije w yon bagay pwochèn fwa , kale zye w nan zye l , montre l ou pa pè l epi l ap kite w anrepo .
FLORENCE : M pa p menm oze .
MARIE-MAGDALA : Zafè k gade w !
Pedro fin abiye pou l soti , li pase di manman l li pa la .
SCÈNE 5 : PEDRO/MANMAN PEDRO
MANMAN PEDRO(gade l) : Kote w ap rive ?
PEDRO : M pral wè medam yo .
MANMAN PEDRO : Tout jounen w gen yon pitit w ap okipe , ou bezwen timoun ou pa ka fè pa w ? Depi w pa pot pitit sa banm wè jodya , m garanti w ap pèdi tout aksè w sou mezi kanè bank yo e anplis m ap mete w deyò pou w al jwenn fanm ou yo .
1 note · View note
116ent · 6 years
Video
My childhood nickname during my teenager days. #tisanzave 😂 😂🔥#Repost @sanzaves with @get_repost ・・・ #Sanzave @itshaitianfresh ft @zoeydollaz prod by: @sanzaves https://www.instagram.com/p/BqDC6MUD6T6/?utm_source=ig_tumblr_share&igshid=1k3agmq4dikah
0 notes
meccaakagrimo · 6 years
Photo
Tumblr media
💪💯 Having a Great Discussion #Backstage @HaitianCompasFestival w/ @santlahaitian x @itsHaitianFresh #Sanzave - #Cecibon #WeDemZoes @Dnalsi #SakPase #SakPaseDIEM Holding My #Pikliz Tight #HaitianCompasFestival #DemZoes #Zoes #EritajAyisyen (at Haitian Compas Festival)
0 notes
kalepwa · 7 years
Photo
Tumblr media
#sanzave @itshaitianfresh
0 notes
mhbmuzik · 7 years
Photo
Tumblr media
WE BACK! #1804 #Sanzave @itshaitianfresh #ZoeLife 🔴🔵 #WildOutWednesdays #mhbmuzik 💯
0 notes
audiofreshhiphop · 7 years
Video
instagram
🔥🔥New Flame Alert🔥🔥 Check out @itshaitianfresh ✖️ @zoeydollaz New Funk for the #Zoes Called #sanzave 🔥🔥👑🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹
0 notes
woodfortneyberaut · 7 years
Photo
Tumblr media
🔵🔴 #new #hit #Sanzave @itshaitianfresh feat. @ZoeyDollaz #real #zoe #haitian #artist #rap #ProudToBeHaitian #LèwAyisyenWapKonpran #BP509
0 notes
gmop4o5 · 7 years
Video
youtube
Most viral Sanzave 🇭🇹 video over 3M
21 notes · View notes
griffinrampant · 7 years
Photo
Tumblr media
Arms of Hugh Sanzaver from the Dering Roll (c. 1270-1300)
Blazon: Azure crusilly three crescents or
1 note · View note
jakonews · 6 years
Text
Tweeted
Gabo ap fè Kanaval nan OKAY pou l ka fè divèsyon pou Dwòg desann pou dépité PHTK pandan chef PHTK kise #SweetMickey ap di Betiz pi mal ke sanzave! #JoMoMustGo https://t.co/5e4HwP0NLN pic.twitter.com/1E0PIUBKeM
— Le JAKO de l'île! 🇭 (@TwitJAKO) March 7, 2019
0 notes
kalepwa · 7 years
Photo
Tumblr media
@itshaitianfresh #sanzave l'ap la tou
0 notes
mhbmuzik · 7 years
Video
instagram
#Repost @itshaitianfresh ・・・ Now that's very creative zoe flag ........ #sanzaves going innnnn 🙌🙌🙌🙌🙌🙌🙌🙌🙌🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹 I know they watching what's really goinnnnnn u can't stop it we commmminnnnn shouts to the @theweeknd it's a reason 4 this shouts y'all gon see real soon 😏
0 notes
liberal25-blog · 7 years
Photo
Tumblr media
Nan kantik zwazo, priye lanmou fe eko, nan som fanm vanyan, vagabon pran tabok, bel neges kreyol, ou we lwen, sanzave paka pran daso, yo despekte'w, yo pran tabok, yo trete'w mal, yo pran zoklo, racine lakay, ou se wozo, ou se kod pit, ou se kanpech, ou se bobech, ou se kajou, ou se bwa che'n, neg paka tranche'w, sou miray mevey, foto'w plake, nan kosaj afeksyon, pasyon'w nouri, nan deze chagren, fonte'n lanmou'w pete, sou zel papiyon, ou fe santiman m pawoze, ti fle choublak nan cheve, ou fe m depale, ou bel bebe, ti zye'w, ti bouch ou, ti vwa'w, oh senye, ou bel bebe, nan jaden pasyans, yon jou map rekolte'w, mwen kwe, mwen kwe, mwen kwe yon jou wap dèyè do mwen, ou se bote kreyol mwen, ou se lang kreyol mwen, dekrive w an jagon, ougou begel🙈😘. (at United States)
0 notes
meccaakagrimo · 6 years
Photo
Tumblr media
🇭🇹💪🏽🇭🇹 Shout Out @itshaitianfresh & @zoeydollaz @bet 🚨🚨🚨 • My Ayisyen Brothers are Winning #Sanzave #WorldPremier #WSHH https://www.instagram.com/p/BppVU5IhcdO/?utm_source=ig_tumblr_share&igshid=sk1c96yhtb54
0 notes
jakonews · 6 years
Text
Tweeted
Gabo ap fè Kanaval nan OKAY pou l ka fè divèsyon pou Dwòg desann pou dépité PHTK pandan chef PHTK kise #SweetMickey ap di Betiz pi mal ke sanzave! #JoMoMustGo https://t.co/5e4HwP0NLN pic.twitter.com/SaSzAw0qQj
— Le JAKO de l'île! 🇭 (@TwitJAKO) March 7, 2019
0 notes
kalepwa · 7 years
Photo
Tumblr media
an @uber rider's dream @itshaitianfresh #sanzave #ridefresh
0 notes