Tumgik
#zanmi lasante
news-paw-haiti-509 · 2 months
Text
Signature d'un Protocole d'Accord entre le MSPP et Partner and Health
Le Ministère de la Santé Publique et de la Population (MSPP) a officialisé un partenariat crucial en signant un protocole d’accord avec Partner and Health (Zanmi Lasante) le 27 février 2024. Cet accord renouvelle la gestion de 19 installations sanitaires par Partner and Health, démontrant ainsi un engagement fort envers la santé publique. Le ministre de la Santé, Alex Larsen, et le représentant…
Tumblr media
View On WordPress
0 notes
etiennelouisjuste · 1 year
Photo
Tumblr media
Bètrav: Yon Kle Pou Lasante. Bètrav se youn nan alikaman ki pi puisan sou latè, pou kantite byenfè li genyen nou p ap ka rive site tout. Si w renmen sante w ou ta dwe bwè ji bètrav ou manje bètrav la. Bètrav se yon plant mirak ki ka chanje lavi n. Si w gen pwoblèm konstipasyon, ou prale nan twalèt pa aksidan, w ap pase konbyen jou san w pa ale, bètrav ap ba w sa la pou la. ➡️. Benefis BÈTRAV pou Sante nou: - Bon pou pwoblèm kis ak fibwòm - Ede pirifye san ak fwa - Pran swen fwa w (si w malad nan fwa fè l bon zanmi w) - Prevansyon kont kansè - Kenbe kè w an sante - Bon pou fanm ansent (folik asid natirèl) - Diminye risk pou tibebe fèt defòme - Detoksike kò a - Prevansyon kont pwoblèm respiratwa - Pran swen je w - Ogmante sistèm iminitè kò a - Prevansyon kont demans - Ede amelyore memwa - Prevansyon kont kansè - Bay bann | ogmante stamina | andirans - Amelyore dijesyon - Prevansyon kont balonnman | konstipasyon - Diminye move kolestewòl - Desann tansyon wo ➡️. Se youn nan plant yon moun si w ka jwenn li pou w ta konsome l. Yon vè ji bètrav nan maten ajen ka fè mirak pou sante w,; yon fanm ki gen kis ka bwè 1 vè ji a mele ak yon ti melas (siwo kann), si l pa jwenn li ka pran l ak ti siwomyèl pandan 4-6 semèn. Pou fibwòm yo ka bwè 1 vè ajen chak maten san sik san sèl pou 7 jou (pou estimilasyon fwa a) apre sa gen lòt resèt n ap jwenn sou #Medikaplant. Se tout pati nan bètrav la ki bon anpil. Fèy bètrav la pi rich toujou pase bètrav la (rasin bètrav = beetroot). Pa jete yo, depi yo frèch, frikase yo ou manje yo tankou salad. Ou ka mete yo nan soup ou bouyon ou itilize yo nan resèt nan kizin ou. _______///__________///_______///____________ #etiennelouisjuste #Medikaplant | #Bètrav | #beets https://www.instagram.com/p/ClMh_0ivwRd/?igshid=NGJjMDIxMWI=
0 notes
unjobstoday · 2 years
Text
Officier/ère Genre
Description I – Informations sur le poste Titre : Officier/ère Genre Superviseur : Spécialiste Genre Lieu d’affectation : Port-au-Prince, Haïti avec certains déplacements dans le Plateau Central et du Bas Artibonite Grade Actuel…………………. Classification Approuvée Par……………. II- Contexte organisationnel Zanmi Lasante (ZL) est une organisation non gouvernementale à but non lucratif dont les activités…
Tumblr media
View On WordPress
0 notes
juno7haiti · 2 years
Text
Une pluie d'hommages après la mort du Dr Paul Farmer
Une pluie d'hommages après la mort du Dr #PaulFarmer.- #Juno7 #J7Fev2022
Une pluie d’hommages après la mort du Dr Paul Farmer Paul Farmer, médecin et philanthrope, est décédé durant son sommeil chez lui au Rwanda, laissant ainsi dans le deuil sa femme et ses trois enfants. Il était âgé de 62 ans. Une pluie d’hommages s’est abattue sur les réseaux sociaux pour saluer la mémoire de ce grand médecin anthropologue connu pour son travail humanitaire dans les pays en…
Tumblr media
View On WordPress
0 notes
fojedhgroup-blog · 4 years
Photo
Tumblr media
L’unité de Covid-19 de l’Hôpital de Mirebalais s’ouvre à la population L’hôpital universitaire de Mirebalais a reçu mercredi une délégation composée de journalistes, de membres du bureau du secrétaire d’État à la Communication à l’enceinte de l’hôpital que dirige l’organisation Zanmi Lasante/ Partners in health.
0 notes
thekillerssluts · 6 years
Photo
Tumblr media
“This week, Régine Chassagne was at Partners In Healt’s Boston office where she met with Dr. Paul Farmer, one of the co-founders of PIH. Since 2011, Zanmi Lasante, the Haitian branch of PIH, has been a loyal partner of KANPE. Thanks to them, more than 11,000 people benefit every year from healthcare at the Baille Tourible clinic.”
42 notes · View notes
lemiroirinfo · 2 years
Text
Haïti hebdo :Les États-Unis expulsent 20.200 migrants haïtiens, un journaliste tué, un fonctionnaire de BRH assassiné, les actes de kidnapping se multiplient, Zanmi Lasante perd son patron
Haïti hebdo :Les États-Unis expulsent 20.200 migrants haïtiens, un journaliste tué, un fonctionnaire de BRH assassiné, les actes de kidnapping se multiplient, Zanmi Lasante perd son patron
Les États-Unis expulsent 20.200 migrants haïtiens En l’espace de 12 mois, le président américain, Joe Biden, a expulsé quasiment autant d’Haïtiens que ceux qui ont été expulsés au cours des 20 dernières années sous la présidence de ses trois prédécesseurs, à savoir Georges Bush, Barack Obama et Donald Trump. D’après les calculs de Quixote Center, une organisation américaine de justice sociale à…
Tumblr media
View On WordPress
0 notes
talkingforwellness · 3 years
Text
Clinical Psychologist in New York City
Tumblr media
Cidna Valentin, Ph.D
Clinical Psychologist | Clinical Director and Supervisor
Do you feel uncertain about starting therapy? Does it feel daunting to begin? Choosing to engage in psychotherapy can be a daunting endeavor. The uncertainty of the process and of the revelations to uncover can make us feel apprehensive about whether to commit or not. Yet, when we allow fear of stigma, judgment, and the perception of personal weakness to be barriers to caring for our mental well-being, we continue to suffer and deny ourselves the opportunity to realize our healthiest potential. No matter the problem or conflict that brings us to therapeutic spaces, the empathic and intimate relationship between a therapist and client, by which emotional aches are more closely examined and treated, can alone be healing.
As a clinician of diverse cultural experiences, as well as personal background, I value culturally-relevant and integrative evidence-based practice. I have flexibility in psychodynamic, cognitive-behavioral, and interpersonal therapeutic approaches. I am most adept with adolescents and adults, although I have experience working with clients across the lifespan in a variety of settings, practicing most recently in global mental health. Through the lens of social justice, I am dedicated to creating healing spaces for people of color and underserved communities.
Areas of Expertise and Interest:
Depression/Mood disorders
Underserved and Marginalized Communities
Expatriates/Global Mental Health/International Psychology
Migration/Acculturation stress
Racial Stress
Haitian Mental Health
Trauma and PTSD
Maternal Mental Health/Perinatal Psychology
Clinical Experience and Education:
Training and Quality Improvement Psychologist, Zanmi Lasante|Partners in Health (PIH), Haiti
Certification in Interpersonal Psychotherapy (IPT), Global Mental Health Institute, Columbia University
Ph.D., Clinical Psychology, Graduate Center of the City University of New York (CUNY)
Pre-doctoral Intern, Jewish Board for Family and Child Services (JBFCS)
Clinical Fellowship, Medgar Evers College Counseling Center
M.A., Clinical Psychology, Teachers College, Columbia University
Click here to schedule an appointment with Cidna.
0 notes
Text
Our allies Zanmi lasante / Partners In Health have been working hard to respond to the 7.2 magnitude earthquake that hit Haiti 🇭🇹 this weekend, leaving hundreds dead and thousands more injured, homeless, or without work.
Please follow the link below to help!
https://zanmilasante.org/home?form=Haiti-Earthquake
Tumblr media
0 notes
thehaitianartlover · 3 years
Photo
Tumblr media
On Saturday, August 14 a 7.2 magnitude earthquake struck western Haiti. As the largest non-governmental healthcare provider in Haiti, Zanmi Lasante immediately began organizing staff and supplies to respond. Donate now to provide lifesaving care. https://nam10.safelinks.protection.outlook.com/?url=https%3A%2F%2Fclick.everyaction.com%2Fk%2F34056109%2F300776331%2F-1212014411%3Fform%3DHaiti-Earthquake%26utm_campaign%3Dearthquakehaitipef%26utm_medium%3Demail%26utm_source%3Dea%26ms%3DEM100%26nvep%3Dew0KICAiVGVuYW50VXJpIjogIm5ncHZhbjovL3Zhbi9QSUgvUElILzEvODM3NDEiLA0KICAiRGlzdHJpYnV0aW9uVW5pcXVlSWQiOiAiNDEyODUzZDAtMWZmZC1lYjExLWI1NjMtNTAxYWM1N2I4ZmE3IiwNCiAgIkVtYWlsQWRkcmVzcyI6ICJzdml0aWVsbG9AcGloLm9yZyINCn0%253D%26hmac%3DTGkxjBEx6FqGqDRObVjtTd6XGSkXnvp0qZvgYJ1e9e4%3D%26emci%3Da5336d9b-1afd-eb11-b563-501ac57b8fa7%26emdi%3D412853d0-1ffd-eb11-b563-501ac57b8fa7%26ceid%3D1228307&data=04%7C01%7Csvitiello%40pih.org%7Cf04ddbd1b9e34e392b0708d95f43d88e%7C5254789f6860437585bc302509fad508%7C0%7C0%7C637645567279361174%7CUnknown%7CTWFpbGZsb3d8eyJWIjoiMC4wLjAwMDAiLCJQIjoiV2luMzIiLCJBTiI6Ik1haWwiLCJXVCI6Mn0%3D%7C1000&sdata=bjGq4MGyDYhLkurj%2BRaBqTV%2FLMDIUjhyfIlLPDOK0%2Fs%3D&reserved=0 https://www.instagram.com/p/CSkpch7rXl1/?utm_medium=tumblr
0 notes
sparksinthenight · 3 years
Text
0 notes
pharminfoshaiti · 4 years
Photo
Tumblr media
Les Amis d'Haiti, SDGs For Haiti et Pharminfos se joignent ensemble pour apporter une réponse au Covid19 en sensibilisant la population haïtienne sur la nécessité d'appliquer les consignes des autorités concernées, de respecter les règles d'hygiènes, de pratiquer la distanciation sociale de 1m50 et surtout des conseils médicaux sur l'automédication. Ainsi, ils se proposent de réaliser conjointement un programme de sensibilisation sur le COVID19 dont le lancement se fera le 08 avril 2020 à Mirebalais. Ce programme comprendra des séances de formation pour quelques jeunes dans chaque zone intervenue, des campagnes de sensibilisation chez les ménages (porte à porte), des tournées médiatiques et dans certaines villes avec des messages pré-enregistrés et des mégaphones, distribution de certains produits hygiéniques (alcool, savon, sanitizer etc...) et autres selon nos moyens. Nous profitons pour remercier nos supporteurs (Zanmi Lasante, Innovative Learning concept et la communauté de l'organisation Les Amis d'Haïti) et lancer un vibrant appel à tous ceux et toutes celles qui souhaitent collaborer ou supporter nos actions en vue de réduire la propagation du Covid19 en Haïti à nous rejoindre, car la lutte contre le Coronavirus est une lutte commune. Infos : +509 3625-2091/4844-0259 [email protected] (at Radio Puissance FM 99.9) https://www.instagram.com/p/B-tEcxOjY6Z/?igshid=1ts018gbrg7ef
0 notes
port-salut · 5 years
Text
Tumblr media
KILE LETA AYISYEN AP RIVE PRAN SOUF?
Anpil moun pa rive konprann leta se tout administrasyon piblik la ak Kolektivite teritoryal yo. Konstitisyon 1987 peyi a chwazi model enstitisyon ki pou konstitye leta pou dirije sosyete a. Pou n byen konprann se pouvwa ekzekitif ki genyen prezidan ak premye minis, législatif ki genyen senate ak Depite ak pouvwa jidisye e san bliye kolektivite teritoryal ( magistra, asec, kazek, delegue) elatrye.Li enpotan pou n ajoute enstitisyon endepandant yo : protekte sitwayen, konsey elektoral pemanan, konsey siperye lajistis e lakou siperye dekont. Se tout enstitisyon sa yo ki fome administrasyon piblik peyi dayiti. Pou moun kap reflechi se otorite pouvwa ekzekitif la ki genyen wol pou gouvene, dirije administre tout byen leta. Nou kapab di tou leta se li, se w, se mwen e se nou tout ki fome popilasyon an e k ap viv sou teritwa peyi a.
Lan refleksyon nou fe sou sistem ou model estrikti oganizasyon peyi a, nou di konstitisyon an té pwopoze yon model sosyete ki koute leta trop depans. Model ki pwopoze a pa reponn ak aspirasyon pep la ni ak kapasite ekonomik e finansye nasyon an. Leta pa genyen mwayen pou asire responsablite tout obligasyon li genyen. San konte fonksyone administrasyon piblik ki koute anpil lajan, polis nasyonal, lame dayiti, anseyan ak pwofese e tout administrasyon lan kolektivite teritoryal yo, se leta ki pou peye salé yo epi tou sibvansyone fonksyonnman yo, elektrisite e gaz pou transpo piblik elatrye. Nou dwe rekonet chay la vreman lou pou leta paske genyen trop sou do li e tout moun ap kritike e san jije pote kontribisyon yo pou leta ranpli wol ak fonksyon li komsadwa.
Se vreman difisil lan peryod ouveti lekol la paske genyen anpil paran ki ta renmen jwenn ed pou yo voye pitit yo lekol. Senaté ak Depite ta dwe fe yon jes ak kek fanmi ki genyen difikilte lan sikonskripsyon ou lan depatman yo. Nou rekonet se reponsablite leta pou kreye bonjan kondisyon pou timoun yo kapab jwenn bonjan levasyon ak edikasyon.
Li enpotan pou n komprann kondisyon ekonomik peyi a difisil anpil paske manifestasyon chak jou ak peyi lock pat ede otorite yo jwenn taks ak enpo pou yo fe redistribisyon bay fanmi ki genyen difikilte lan katye popile yo ak lan kominote riral yo.
Pandan sekte Opozisyon an t ap manifeste fe blokaj pou fose rejim Jovenel Moïse la demisyone nou remake se pa anyen ki regle. Se laviche ki pired lan degwann moun ki lan milye defavorize yo.
Sénate ak dépite kontinye ap resevwa check ak avantaj yo komsa dwa menmsi yo pa regle anyen pou peyi a. Yo tout se zafe pesonel yo te vin regle. Anpil ladan yo vin rich sou do mas pep la ki toujou lan soufrans depi ti konkonb tap goumen ak berejenn.
Nou tout konprann se responsablite leta pou sibvansyone lekol piblik pou pemet jenn yo jwenn bonjan levasyon. Fok nou di leta genyen pou obligasyon garanti dwa pou tout moun jwenn ledikasyon lan bon kondisyon. Li enpotan pou n di se edikasyon debaz sa vle di fondamantal ki se yon dwa garanti lan konstitisyon an. Otreman leta genyen obligasyon pou fasilite tout moun ki ta renmen pouswiv etid yo pou yo vin yo profesyonel kalifye e konpetan pou ede peyi a. Envesti lan Edikasyon se yon envestisman dirab men fok leta mete politik an plas pou angaje profesyonel li fome yo. Sinon, se peyi etranje kap pwofite de konpetans yo san depanse senkob.
Nou ta renmen tande dirijan politik yo ki tap fe grev, bloke peyi kreye enstablite ak ensekirite, manifeste ak vyolans chak jou pou fose rejim Jovenel Moïse rache manyok li bay te a blanch. Nou ta renmen konnen kisa yo konte fe pou ede fanmi ki genyen difikilte pou voye pitit yo lekol. Tout moun dwe rekonet sityasyon ekonomik lan ki difisil se paske pa genyen gouvennman legitim, pa genyen bidje nasyonal, touris pa rantre, ensekirite blayi lan tout kote lan peyi a ak blokaj opozisyon, san konte palmante aganman ki prefere fe maronaj ak traktasyon pou ranmase lajan lanmen pouvwa ekzekitif ak sekte prive kap ranfose koripsyon lan entere pesonel yo.
Nou rekonet genyen anpil koripsyon lan pouvwa ekzekitif la e lan gouvennman tou, anpil gaspiyaj ap fet lan lajan leta e enstitisyon yo pa jwe wol yo komsa dwa. Peyi a pa genyen yon bonn gouvenans otorite piblik yo akoz koripsyon e akte politik yo pap regle anyen serye pou moun kap soufri yo. Se tout fakté sa yo ki mete ansanm ki rann kondisyon sosyoekonomik sitwayen yo difisil anpil lan peyi dayiti. Malgre tout problèm sa yo nou aprann genyen jefo kap fet pou pemet leta sibvanse 4435.000 jenn pou ouveti lekol la. San konte gaz leta ap sibvansyone pou pemet sitwayen jwenn sevis.
Li enpotan pou n reflechi le n rete kwaze debra n chita ap tann se leta pou bay dlo, elektrisite, wout, lekol, sant sante, sekirite elatrye gratis san konte sou patisipasyon e kontribisyon nou. Eske nou konnen tout fonksyone ap tann check travay yo lanmen leta : edikate ak anseyan, polisye e profesyonel lasante e tout otorite lan kolektivite teritoryal yo ap tann leta peye yo paske laviche lan degwann yo. Mezanmi nou envite w reflechi sou responsablite leta lan yon peyi ki pa genyen okenn prodiksyon agrikol akoz kontreband e tout moun rete ap tann djob lan administrasyon piblik menmsi yo enkonpetan. Li le li tan pou n sispann konte sou leta paske mwayen l' ap diminye chak jou bondye mete. Se pou n naje pou n soti pou kont nou lan kreye lariches pou n ranfose ekonomi peyi a. Nou plis bezwen antreprene ke moun kap chache djob se konsa yon peyi kapab devlope. Ann fe konbit ak solidarite ant ayisyen pou n rive amelyore kondisyon zanmi, fanmi ak Konpatryot lan kominote nou yo. Ann kontribye e patisipe lan devlopman peyi nou.
Jean-Marie Mondésir
Juriste haïtien
Citoyen engagé de Dumont
Dumont.port-salut.org
Radio-Dumont.port-salut.net
0 notes
j2bestblog · 7 years
Text
Paul Farmer fait la radiographie de notre système de santé
Paul Farmer fait la radiographie de notre système de santé
[ad_1]
Paul Farmer
Paul E. Farmer, fondateur de Partners in Health/Zanmi Lasante (ZL) et professeur émérite à l’université Harvard, s’est confié à Le Nouvelliste lors d’un entretien exclusif. Au cours de cet échange, il a abordé plusieurs sujets, notamment les contraintes politiques  empêchant l’établissement d’un vrai système de santé en Haïti, les ONG évoluant dans le domaine de la santé…
View On WordPress
0 notes
talkingforwellness · 3 years
Text
NYC Clinical Psychologist
Tumblr media
Cidna Valentin, Ph.D
Clinical Psychologist | Clinical Director and Supervisor
Do you feel uncertain about starting therapy? Does it feel daunting to begin? Choosing to engage in psychotherapy can be a daunting endeavor. The uncertainty of the process and of the revelations to uncover can make us feel apprehensive about whether to commit or not. Yet, when we allow fear of stigma, judgement, and the perception of personal weakness be barriers to caring for our mental well-being, we continue to suffer and deny ourselves the opportunity to realize our healthiest potential. No matter the problem or conflict that brings us to therapeutic spaces, the empathic and intimate relationship between a therapist and client, by which emotional aches are more closely examined and treated, can alone be healing.
As a clinician of diverse cultural experiences, as well as personal background, I value culturally-relevant and integrative evidence-based practice. I have flexibility in psychodynamic, cognitive behavioral, and interpersonal therapeutic approaches. I am most adept with adolescents and adults, although I have experience working with clients across the lifespan in a variety of settings, practicing most recently in global mental health. Through the lens of social justice, I am dedicated to creating healing spaces for people of color and underserved communities.
Areas of Expertise and Interest:
Depression/Mood disorders
Underserved and Marginalized Communities
Expatriates/Global Mental Health/International Psychology
Migration/Acculturation stress
Racial Stress
Haitian Mental Health
Trauma and PTSD
Maternal Mental Health/Perinatal Psychology
Clinical Experience and Education:
Training and Quality Improvement Psychologist, Zanmi Lasante|Partners in Health (PIH), Haiti
Certification in Interpersonal Psychotherapy (IPT), Global Mental Health Institute, Columbia University
Ph.D., Clinical Psychology, Graduate Center of the City University of New York (CUNY)
Pre-doctoral Intern, Jewish Board for Family and Child Services (JBFCS)
Clinical Fellowship, Medgar Evers College Counseling Center
M.A., Clinical Psychology, Teachers College, Columbia University
Click here to schedule an appointment with Cidna.
0 notes
paroissedumont · 7 years
Text
SOLIDARITE SE SÈL ZOUTI POU KWAPE LA MIZÈ LAKAY …
Par : Jean-Marie Mondésir (28 juillet 2012)
  Aba politik patizan viv devlopman ak patisipasyon pou ranfòse enstitisyon nou yo. Se sèl mwayen ki ka pèmèt nou rekonstwi enfrastikti nan kolektivite teritoryal nou yo. Jounen jodya nou rete kwè fòk sitwayen k ap viv nan tout kwen peyi dayiti fè jefò pou yo konte sou pwòp fòs yo san konte sou pawòl ak pwomès politisyen. Pandan peryòd eleksyon tout moun ki bezwen pouvwa toujou ap fè bèl pwomès san yo pa janm evalye ki estrateji k ap pèmet yo reyalize angajman yo te pran devan elektè yo. Nou kwè li enpòtan pou n chanje mantalite se leta ki dwe fè tout bagay pou nou. 
Leta se nou menm sitwayen, abitan, peyizan ak moun k ap peye taks pou pèmet enstitisyon yo fonksyonnen. Chak sitwayen dwe mande tèt li kouman li kapab mete men ak lòt pou bati lekòl, dispansè, wout nan lokalite kote l ap viv ak tout fanmi li. Lè genyen yon pwoblèm nan kominote nou, mande kouman nou kapab rezoud difikilte yo ak moun k ap viv reyalite yo.
  Sispann rete gade sou moun ki nan dyaspora a k ap travay byen di pou peye bil e reponn ak pwoblèm fanmi yo. Sispann rete tann gouvennman an pou kreye djòb pou tout moun aloske peyi a genyen anpil difikilte pou l respekte tout obligasyon ak angajman li yo. Fòk nou konprann Ayiti se yon peyi ki pòv e genyen anpil pryorite pou moun k ap jere pouvwa santral la. Moun ki genyen metye pa rive jwenn djòb e gouvennman an pa genyen vizyon pou ranfòse administrasyon piblik la pou bay bonjan sèvis ak popilasyon an. 
  Otorite yo pa genyen volonte nonplis pou travay ak sektè prive e sosyete sivil la pou kreye travay yon mannyè pou redwi chomaj nan rejyon nou yo. Nou konsyan ke Ayiti se yon peyi ki pa genyen anpil mwayen, pa genyen djòb pou tout moun, men sa pa anpeche moun ki nan pouvwa yo ap gaspiye tikras resous nasyon an. Jounen jodya fòk nou demele get nou pou n chache mwayen pou n ede tèt nou ak fanmi nou san konte sou politisyen ki toujou ap defann enterè pòch yo ak zanmi yo. Reyalite sa pako ap sòti nan lespri politisyen nou yo si nou pa deside travay ansanm pou chanje sa.
  Nan kolektivite lokal e teritoryal yo, jènn gason ak jènn fi ap kale pitit san gade deyè, yo pap fè komès e yo pap chache aprann yon metye pou ede tèt yo. Okenn jènn pa vle travay latè, ni peche nan lamè, fè atizana, fouye vetivè. Men, tout moun genyen yon telefònn pòtab ki bezwen kat pou kominike ak lòtbò dlo. Genyen lòt ki rete ap tann maryaj yon dyaspora pou rezoud problèm yo. Anpil jènn nan kolektivite lokal yo espere jwenn yon djòb nan administrasyon leta pou rezoud pwoblèm tout fanmi ak zanmi li yo. Anpil ladan yo prefere gaspiye tan yo sou Facebook pale e ekri tentennad, olye yo fè yon aktivite serye pou anrichi lespri yo.
  Nou kwè li enpòtan pou n lanse yon mesaj sansiblizasyon pou fè tout moun nan peyi a konnen se responsablite yo pou travay nan tèt ansanm pou amelyore kondisyon sosyal ak ekonomik yo. Chak sitwayen nan vil ak abitan andeyò dwe nage pou yo sòti nan mizè ak soufrans yo mete tèt yo. Se pa relijyon kap pote solisyon ak pwoblèm dlo, lasante ak anviwonnman nan kominote nou yo. Si n ap konte sou depite, majistra, delege ou vis delege, chèf kazèk pou kreye djob, n ap tann joustan tipoul pouse dan. Fòk nou pou n monte kansou nou yon mannyè pou n rive panse yon lòt jan. Epi n ap jwenn moun nan dyaspora ki ta renmen amelyore kondisyon sosyal ak ekonomik tout sitwayen bonn volonte ban nou bourad nan pwòjè devlopman nou genyen pou kominote nou yo. 
Solidarite, patisipatisyon ak sansiblizasyon se sèl zouti ki kapab pèmèt nou konstwi yon peyi solidè, yon kolektivite teritoryal responsab. Se aksyon sa yo k ap pèmet nou bati yon milye ki an amoni ak anviwonnman li kote tout moun ap kontribye pou fè devlopman nan enterè tout abitan lakay.
  Jean-Marie Mondésir
Sitwayen Dimon/Pòsali
Editè Port-Salut magazine
http://dumont-port-salut.net
0 notes